Nèg ak zam yo rive sou Frantz Elbé, Direktè Jeneral Lapolis nan peyi d Ayiti. Kote kay li ye nan Santo 17, yo antre, touye chen epi sakaje kay li avan yo kole dife ladan l. Daprè enfòmasyon nou dispoze, kay la pat gen moun ladan l. N ap raple nan zòn Plèn nan, tout […]Lire plus...
Akò 21 Desanm nan gentan fann an 2 moso. Klan André Michel, Marjory Michel, Edmonde Supplice Beauzil ak Sorel Jacinthe lan chwazi depite Levaillant Louis Jeune pou reprezante yo nan konsèy prezidansyèl la. Klan Jorchemy Jean Baptiste ak Pascal Adrien an chwazi Vikerson Garnier, ansyen depite. Mesye “Toutouni” yo denonse André Michel ki vle pran […]Lire plus...
Anbasad Amerikèn, nan yon kominike anonse gen yon lòt gwoup sòlda antiteworis ki vin ogmante sa ki te la deja yo, yon fason pou yo kapab garanti sekirite Anbasad la ak sèvis diplomatik yo. Anbasad Amerikèn nan peyi a fè konnen y ap rapouswiv jefò diplomatik ak imanitè yo an Ayiti, sa ki reprezante yon […]Lire plus...
Pwofesè ak ekriven Michel Soukar, majistra Dèlma a, Wilson Jeudi ak Direktè Jeneral DINEPA a, Guito Edouard, se 3 moun jounalis vedèt emisyon “Boukante Lapawòl” la panse ki gen kalib ki kapab ranplase Ariel Henry nan peyi a. Li konseye popilasyon an pou kouri dèyè moun k ap deside nan non l yo, pran lari […]Lire plus...
Daprè Matthew Miller, pòt pawòl Depatman d Eta ameriken, Guy Philippe p ap ka fè pati konsèy prezidansyèl tranzisyon an. Daprè pòt pawòl la ki te nan mikwo VOA kreyòl, ansyen senatè eli Grandans lan pa reponn ak kritè ki etabli pou yon moun vin manm konsèy sa a. Tout moun ki te akize oubyen […]Lire plus...
Radyo ak Televizyon Karayib oblije demenaje tanporèman akoz nèg ak zam yo ki achte anba lavil la lajan kontan. Nouvèl sa a vin lage plis enkyetid ankò nan mitan popilasyon an an jeneral ak moun ki abite nan zòn sa a. Administrasyon radyo a mande kòmanditè l yo rejwenn li nan nimewo sa a +509 […]Lire plus...
Ayè lendi 11 mas la, 786 polisye ki sòti nan 33e pwomosyon PNH la gradye. Aprè 4 mwa ap pran fòmasyon nan lekòl polis la sou Wout Frè a, nouvo kòwòt sa a ki gen 112 fanm ladan l angaje yo pou al pwoteje ak sèvi popilasyon an. Frantz Elbé mande jèn polisye sa yo […]Lire plus...
“Akò ki siyen ak prezidan William Ruto a toujou valab menmsi nou pa pral deplwaye polisye nou yo kounye a paske n ap tann gen yon gouvènman ki ranplase Ariel Henry”. Se sa Salim Swaleh, pòt pawòl Ministè kenyan pou Zafè Etranjè a deklare maten madi 12 mas la. Nou p ap deplòtonnen polisye nan […]Lire plus...
Premye Minis defakto a Ariel Henry demisyone, dapre “Mohamed Irfaan Ali” Prezidan Giyàn ak Prezidan aktyèl Kominote Karayib la (CARICOM). Henry ki gen 74 lane sou tèt li bay demisyon li apre lidè CARICOM yo te fè yon somè ijans sou sitiyasyon Ayiti a. Pou kounya la ansyen PM lan bloke nan Peyi Pòtoriko apre […]Lire plus...
Wo kòmandman PNH la pako janm bay otorizasyon pou konsta legal yo fèt pou kadav polisye yo ka antere. Daprè Média Libre Haïti, kadav polisye Guilliamson Jn Baptiste ki te tchake ak kouto kòmanse gate, kò enspektè Monode Etienne toujou nan Lopital kote l t al pran swen an, e lòt kadav bandi yo t […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
