Nan sondaj sa a ki gen Guy Philippe, yon jij nan Lakou Kasasyon ak Prezidansyèl 7 tèt Caricom nan, Guy Philippe ranpòte lamayòl ak 6740 vwa, 79%. Aprè l se yon jij Lakou Kasasyon ki fè 1187 vòt, 13% epi Prezidansyèl 7 tèt Caricom nan ki fini ak 587 vwa, 6%. Kidonk pou moun sa […]Lire plus...
Anba lavil, sitou Channmas, zèfèyis Viv Ansanm yo kontinye fè montre se yo menm ki mèt ak senyè. Nan blòk Kafou Ayewopò, si se pat yon blennde ki te ateri, sa te ka pi mal paske teworis yo parèt aklè ak zam yo nan men yo san bliye Bon Repo, Kwadèboukè ak Kwadèmisyon, anba Dèlma, […]Lire plus...
San okenn kè kase, bandi Kanaran yo antre nan komisarya Bon Repo a ak yon bako lodè, yo kraze l plat. Nan yon videyo ki viral sou entènèt la, tout moun ka tande vwa chèf gang nan anba videyo a pandan y ap kraze brize. Yo fè demolisman sa a nan lannwit dimanch 7 avril […]Lire plus...
117 dominiken ki t ap kwoupi dèyè kat miray nan peyi Etazini, sèvis imigrasyon amerikèn pimpe yo tounen Sendomeng. Yo te nan prizon pou trafik dwòg, agresyon, vyòl, asasina ak plizyè lòt krim ankò. Nan 117 prizonye sa yo gen 9 fanm aprè sa rès yo se gason. Dominiken sa yo te vyole lwa imigrasyon […]Lire plus...
Anpil traktasyon ap fèt anba anba pandan gwo lajan kòmanse depoze sou tab la pou sektè prive ayisyen an pran kontwòl Konsèy Prezidansyèl la. Enfòmasyon k ap sikile fè kwè boujwa yo ap jwe kwen la a pou se Laurent St-Cyr, reprezantan yo a ki pou vin prezidan Konsèy la. Pou yon lòt fwa, boujwazi […]Lire plus...
Daprè Patrick Almonor, youn nan majistra Okap yo, se yon avyon ki te vin chache resòtisan ameriken ki te tou pwofite ale ak kèk minè ki te tou gen “otorizasyon vwayaj” nan men yo. Daprè sa Almonor di nan mikwo radyo Kiskeya, moun yo pran ale avèk yo nan avyon sa a ki te gen […]Lire plus...
Aprè yo fin atake legliz la dimanch 24 mas pase a, bandi yo pa kanpe nan zak yo. Semèn sa a ankò, malfèktè yo antre nan Premyè Legliz Baptis ki nan ri Lareyinyon, yo pote ale sistèm son Legliz la, materyèl enfòmatik, mizik ak elektwonik daprè yon nòt kò pastoral legliz la mete deyò. Pastè […]Lire plus...
Bibliyotèk Nasyonal d Ayiti ki gen liv ladan l ki la depi pliske 200 lane atake, dechèpiye epi nan yon pati anndan an, anpil liv boule. Se bandi ak zam ki bay tèt yo non Viv Ansanm yo ki dèyè atak sa a. Daprè Dangelo Néard ki se Direktè Jeneral BNH, zèfèyis yo kraze anpil […]Lire plus...
12 gwo zam manch long, 14 pistolè 9mm ak 999 katouch ak 34 chajè, se kantite zam ak minisyon Lapolis nan tèt kole avèk administrasyon dwàn Okap la sezi jounen vandredi 5 avril la. Bilan sa a se yon bilan pwovizwa daprè sa fòs lòd yo fè konnen pandan yo anonse operasyon fouy sa a […]Lire plus...
Sitwayen ki rele Gladymir Joseph ajan BLTS ak DCPJ arete ayè nan Ayewopò Okap la se pa “Dèdè”. “Se yon gwo erè polisye yo fè lè yo konfonn mwen ak yon lòt moun, mwen pa nan gang”, se sa sitwayen an anonse maten vandredi 5 avril la. Jenn gason 38 lane sa a PNH la […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
