Sè Jeanne Voltaire ak sè Evanette Onezaire se non 2 relijyez sa yo ki mouri asasinen nan Mibalè pandan teworis Kanaran ak 400 mawozo yo t al fè atak nan komin nan. Mè sa yo t ap travay Rivyè Fwad nan komin Kafou e yo responsab lekòl tou. Rezon ki fè yo te Mibalè se […]Lire plus...
Pandan vizit Marco Rubio antanke sekretè d Eta ameriken nan rejyon Karayib la, li te pale sou gran pwojè Etazini genyen pou reyalize nan peyi Jamayik, Giyana ak Sirinam. Malgre Fritz Alphonse Jean te kite peyi l pou al rankontre avèk chèf diplomasi amerikèn nan, non Ayiti pa site ditou nan pwojè sa yo, selon […]Lire plus...
Nan sware madi 1e pou bout mèkredi 2 avril 2025 lan, teworis yo atake yon bato ki t ap transpòte diri nan bè Pòtoprens lan. Aprè atak sa a, gen 2 manm ekipaj la ki disparèt, yo poko konn kisa yo devni. Se yon sous nan APN ki bay jounal Nouvelliste enfòmasyon sa a. Bato […]Lire plus...
Moun Solino ki nan abri sou Boudon yo, moun Petyonvil melanje ak ekip Kanapevè a, yo te plizyè milye ki te plante pikèt yo devan Vila d Akèy la mèkredi 2 avril sa a pou al mande Leta kriminèl sa a kont. Devan Primati a, Lapolis k ap fè tchoul pou chèf yo vide gaz […]Lire plus...
Jean Claude Bazile ki te komisè Polis nan Mibalè pa nan pòs la ankò paske li akize kòm konplis nan atak gang yo fè nan Mibalè a. Se komisè prensipal Mathias Jean David ki ranplase l anviwon 24è aprè zak reprezay yo nan Mibalè. Anpil pawòl ap pale kòmkwa ansyen komisè Polis la gen gwo […]Lire plus...
Daprè mèt Arnel Rémy, se anviwon 530 prizonye ki te fèmen nan prizon Mibalè a. Depi anviwon 2 semèn, tout antite nan Leta a te konnen Jeff ak Lanmò 100 jou t ap pral atake komin nan. Pat gen okenn dispozisyon ki te pran pou evite sitiyasyon an ebyen teworis yo kraze prizon a e […]Lire plus...
Konpòtman Lapolis ak Primati nan sa k ap pase Mibalè jodi a montre aklè se livre yo livre komin nan. Pandan tout jounen an, se ajan BSAP depatman Sant yo, ak zong ki met pye yo atè pou kanpe devan kriminèl yo. Ranfò PNH la te voye a se sou lafòm. Selon plizyè temwanyaj k […]Lire plus...
Gen yon team nan SWAT ki fè yon operasyon gason pa kanpe bò kote popilasyon an nan komin Mibalè jounen lendi 31 mas 2025 lan. Polisye yo vide anpil bandi atè e yo rekipere plizyè manch long ki te nan men kriminèl yo. Enfòmasyon yo konfime ak bon jan prèv bò kote plizyè sous. Se […]Lire plus...
Mibalè chifonnen nèt pandan jounen lendi 31 mas 2025 sa a. Kriminèl yo anvayi Komisarya vil la, yo kase prizon an e yo libere prizonye ki te anndan l. Anpil kay boule nan Triyanon ak plizyè machin. Gen plizyè blese nan mitan popilasyon an men anpil nan sansal yo mouri tou. Èske Leta pat konnen […]Lire plus...
Mali, Nijè ak Boukina Faso fèmen pòt yo sou Òganizasyon Entènasyonal Frankofoni. Daprè dirijan peyi sa yo, ONG sa a ap foure bouch li nan koze entèn lakay yo, l ap fè enjerans epi l ap bay trètman ki dèyè yo lalwa nan peyi sa yo. OIF ki te konn layite kò l nan plizyè […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com