Sòti depi Petyonvil, desann sou Dèlma vire sou Lali antre sou Boudon jouk rive Jivena, Lapolis gen yon dispozitif anraje pou bloke tout manifestasyon ki vle atenn Vila d Akèy la. Plizyè inite tankou BRI, UDMO, BLTS, CIMO, sòlda FAd’H ak polisye administratif ame jouk nan dan pou bare manifestan yo k ap reklame sekirite […]Lire plus...
Gwo mobilizasyon ki te pare pou sòti nan nan lari a jounen mèkredi 16 avril 2025 sa a sou inisyativ moun Kanapevè, pat rive fèt. Selon kòmandan Samuel, manifestasyon an ranvwaye paske yo voye 300 moun nan mitan yo pou vin fè dezòd yon fason pou yo ka lage chay la sou do Kanapevè. Antanke […]Lire plus...
Pa rapò ak mouvman manifestasyon ki anonse nan peyi e an menm tan menas gang yo, chèf Polis la deside konvoke tout polisye sou lye travay yo jiskaske lòd la chanje. Daprè Métronome, gen yon reyinyon ki fèt nan fen jounen madi 15 avril la ant Fritz Jean, Didier Fils-Aimé ak Rameau Normil. Gen kèk […]Lire plus...
Pandan pòt pawòl PNH la te di yo gen kontwòl Mibalè, Chèf Lanmò San jou ak Jeff Gwo Lwa al fè yon lòt gwo demonstrasyon nan komin nan. Aprè yo fin piye tout sa moun te genyen nan komin nan, san okenn opozisyon, jounen madi 15 avril la, yo kraze komisarya komin nan ak tout […]Lire plus...
Sou inisyativ ekip k ap jere sekirite Kanapevè a, anpil kote nan zòn metwopolitèn nan kòmanse manche ponyèt pou deklanntche yon gwo jounen leve kanpe pou denonse pope twèl yo epi pou egzije yo sispann sitirè gang nan peyi a. Popilasyon an deja voye pinga bay lapolis k ap vini voye gaz ak bal sou […]Lire plus...
Ayisyen k ap viv nan peyi Kanada yo deklare minis ayisyen k ap viv aletranje yo, Kathia Verdier, “persona non grata” nan kad jounen entènasyonal dyaspora yo nan Monreyal. Nouvèl la tonbe tankou yon kout kanno nan kan minis la ak gouvènman ayisyen an. Dyaspora ayisyen ki Kanada yo deside bloke minis Kathia pou l […]Lire plus...
Tout kominote ayisyèn nan kanpe dèyè chèf Leen, yon jèn ayisyèn ki nan peyi Lafrans ki vle bat yon rekò 8 jou ap fè manje sòti 7 pou rive 15 avril 2025. Nan defi sa a, tout pla ayisyen yo ap defile sou tout rezo sosyal yo, Tiktok an patikilye. Gen plizyè enfliyansè ak anpil […]Lire plus...
Pa rapò ak pawòl k ap pale sou beton ki fè kwè gen gwoup k ap prepare pou chavire konsèy 7 tèt la, Etazini ak Caricom di se malè yo se bonè yo. Caricom di se 7 fevriye 2026 pouvwa a ap remèt pandan depatman d Eta ameriken lanse yon avètisman bay tout gwoup ki […]Lire plus...
Gen yon lèt ki an sikilasyon sou rezo yo ki fè kwè Guy Philippe gen yon twoup k ap sòti Pestèl pou l rankontre 33 lòt nèg ak zam nan komin Tibiwon pou atake vil Okay. Lèt sa a Compère Daniel voye bay Rameau a, Guy Philippe demanti l e li di se divèsyon k […]Lire plus...
Avèk yon delegasyon ki gen plis pase 10 moun, Smith Augustin ki enkilpe nan dosye 100 milyon goud BNC a al fè vire tounen nan non Ayiti nan peyi Ozetazini. Selon yon nòt Laprezidans mete deyò, Smith Augustin al diskite ak kèk dirijan etranje pou sekirite peyi a. Li te menm chita pale ak Luis […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com
