Redaktè an Chèf

Lame d Ayiti pran frap anba men bandi

Nan yon nòt konfimasyon, Gran Katye Jeneral lame d Ayiti konfime bandi te atake baz yo nan Bon Repo, samdi 23 desanm ki sot pase a. Bilan atak sa a daprè wo grade yo nan FAd’H la, se yon sòlda ki pèdi lavi l e yon lòt al pran swen an ijans nan Lopital akoz […]Lire plus...

Lèt k ap sikile sou transfè komisè Muscadin a pa

Depi ayè samdi 23 desanm nan, gen yon lèt ki pote antèt Ministè Jistis ak Sekirite Piblik kòm kwa yo ta transfere chèf Pakè Miragwàn nan Grand Rivyèdinò. Depi sou siyati a, lèt la pa laverite paske lèt blam minis Emmélie Prophète Milcé te siyen voye bay komisè a pa menm avè l. Ministè Jistis […]Lire plus...

Pwogram Biden,120 mil ayisyen deja apwouve

Sòti 6 janvye 2023 pou rive jodi a, daprè dènye bilan CPB rann piblik ayè vandredi 22 desanm 2023 a, se 297 mil moun ki deja jwenn otorizasyon yo. Se plis pase 120 mil ayisyen ki apwouve, 112 mil deja ale Etazini, Kiba sou 62 mil apwouve, 60 mil rive deja, Nikaragwa 54 mil otorize, […]Lire plus...

Yon pastè anba kòd nan Nò peyi a pou trafik

Jounen samdi 23 desanm nan, Lapolis mare kou krab pastè Dominique Phanord aprè yo fin dekouvri anpil zam ak minisyon anndan lakay li, daprè enfòmasyon yo. Jile tout kalte, zam fann fwa, plizyè chajè, bòt, san konte katouch, se ansanm bagay fòs lòd yo jwenn kay pastè a. Pastè Dominique Phanord se dirijan legliz « Sainteté » […]Lire plus...

Asasina Jovenel Moïse, yon 5e akize plede koupab

Mario Antonio Palacios Palacios, youn nan mèsenè ki te masakre Jovenel Moïse anndan lakay li nan Pèleren 5 plede koupab jounen vandredi 22 desanm nan. Ansyen sòlda kolonbyen an ki gen 44 lane rekonèt kilpabilite l nan asasina « Nèg Bannann nan ». Li se 5e akize sou 11 ki nan prizon Etazini yo ki rekonèt yo […]Lire plus...

Dosye masi-madi: Legliz katolik parèt tout kòl

Pap François valide benediksyon pou koup masi-madi yo. Desizyon sa a tonbe jodi a tankou yon bonm atomik, yon nouvèl ki sòti dwat nan Vatikan, syèj Legliz Katolik Womèn nan. Pap la aksepte pou tout prèt katolik women yo beni tout koup masisi ak madivin menm si se pa sou fòm maryaj. Vatikan fè konnen […]Lire plus...

Lapolis anonse yon plan sekirite pou fen ane a

Tout kote ki gen klèb, otèl, ba, restoran, zòn estratejik yo, tout kote k ap gen aktivite festival, gen polisye k ap deplwaye pou tabli sekirite, si n kwè deklarasyon pòt vwa enstitisyon polisyè a, Gary Desrosiers. Daprè pòt pawòl la, yo chita pale ak majorite òganizatè pwogram pou fen lane a pou yo kapab […]Lire plus...

Contact Us