Lanmò chèf gang Maryani an ap sikile sou tout rezo yo kòmkwa li ta mouri. Yon enfòmasyon ki pa verite daprè sa nou aprann. Bout Ba pa mouri men nan tèt kole ak Lapolis, popilasyon an rive etenn souf 5 malfra nan ekip li a. Nou aprann tou bandi sa yo te nan tire ak […]Lire plus...
Joseph Lambert, HervĂ© Fourcand, Garcia Delva, Wanique Pierre se tout ansyen senatè sa yo ULCC kontinye mande Pakè Pòtoprens pou mete aksyon piblik an mouvman dèyè yo pou detounman byen piblik. Daprè ULCC mesye sa yo te depatcha Gran Kò a pandan yo te ladan l. Se yon rapò tèt chaje ULCC prezante bay mèt […]Lire plus...
Direksyon Pwoteksyon Sivil ak sèvis Idwometeyowolojik Ayiti anonse pasaj yon depresyon twopikal sou peyi d Ayiti apati jounen vandredi 17 novanm sa a. Se sitou sou kot Sid peyi a menas yo ye. Li kapab trennen dèyè l anpil lapli ak van sitou nan Nip, Sid, Sidès ak Grandans. Direksyon Pwoteksyon mande tout moun rete […]Lire plus...
Gen yon gwo ratman gaz sou mache ayisyen ki te kòmanse depi yè mèkredi 15 novanm nan nan kapital la. Pou jounen jedi a, anpil ponp gentan gen gwo liy machin ak moto devan yo ap tcheke gaz. Tout pwoblèm sa yo, se konsekans batay ki genyen ant Ti Gabriyèl ak G9 depi aprè lanmò […]Lire plus...
Jodi jedi 16 novanm nan, palmantè peyi Kenya yo vote pou 1000 polisye yo debake an Ayiti. Daprè medya peyi sa a, polisye yo ale nan sans redevans peyi yo a genyen anvè Nasyon Zini. Sèlman tout bagay poko fini nèt paske Lakou Siprèm peyi Kenya poko fini ak travay pa yo a. Se yon […]Lire plus...
Chèf gang Kraze Baryè a, Vithel’homme Innocent fè pati yon lis 10 fijitif FBI di l ap bouske ak zepeng nan mond lan. Se pandan yon konferansye pou laprès jounen mèkredi a nan Eta Florid yo fè anons sa a. Vithel’homme responsab kidnaping yon koup ameriken kote li te touye madanm lan nan mwa oktòb […]Lire plus...
Nan dènye rapò ULCC sòti a, li mande pou Pakè Pòtoprens mete aksyon piblik an mouvman dèyè ansyen senatè Nenel Cassy pou fo deklarasyon patrimwĂ n. Ansyen senatè a te di li gen 2 kont nan BNC, lè anketè yo al fouye yo jwenn li gen 4 lòt kont. Youn nan Unibank e 3 lòt nan […]Lire plus...
Aprè anviwon 6 jou ap diskite pou yo kapab jwenn yon solisyon ak kriz politik la, ni Eminant Pèsonalite CARICOM yo ni aktè politik yo pa rive antann yo sou yon desizyon fòmèl. Tou aktè yo kanpe sou brenzeng yo, yo di yo p ap fè yon pa kita yon pa nago sou pozisyon yo. […]Lire plus...
Ariel Henry, premye minis initil ayisyen an kite peyi a ayè madi 14 novanm nan. Daprè enfòmasyon Primati bay, doktè a met tèt pou Arabi Sawoudit, nan kapital peyi sa a ki se Riyad kote l pral patisipe nan somè CARICOM-Arabi Sawoudit la bò kote lòt chèf d Eta CARICOM yo. Somè sa a ap […]Lire plus...
Ansyen senatè HervĂ© Fourcan ki gen sanksyon entènasyonal sou do l te nan kazye jij enstriktè Walther Wesser Voltaire jounen madi 14 novanm sa a. Nan sòti li nan kabinè enstriksyon, HervĂ© Fourcan kouri moute machin li pou l pat reponn kesyon okenn jounalis. N ap raple aprè jij la te sòti nan rankont ak […]Lire plus...