Redaktè Jounal

Yon moun mouri ak 2 lòt blese nan Pak Sent

Nan goumen pou fè paspò nan sant biwo Imigrasyon ak Emigrasyon mete nan Pak Sent Terèz Petyonvil la, yon moun pèdi lavi l, 2 lòt blese aprè zam yon polisye fin dechaje epi katouch simaye. Daprè moun ki te sou plas zak sa a rive pandan plizyè moun ap goumen pou antre anndan an, polisye […]Lire plus...

Youn nan prezime asasen 7 polisye Lyankou yo arete kay

Lapolis an Repiblik Dominikèn prezante Géraldo Brutus kòm youn nan bandi ki te asasine 7 polisye UDMO Lyankou yo 25 janvye 2023 a. Yo arete l lendi 20 fevriye a nan aswè nan yon minisipalite ki rele Duvergé nan pwovens independencia an Repiblik Dominikèn. Lapolis dominikèn konfime Brutus se yon endividi Lapolis t ap bouske […]Lire plus...

Bandi kidnape yon lòt medsen nan Pòtoprens

Aprè doktè Geneviève Artys ak doktè Louis Gérald Gilles ki li menm libere, ayè mèkredi 22 Fevriye 2023 a nan Pòtoprens zago loray yo anlve doktè Jeanty Fils Exalus. Sa fè 3 medsen yon sèl kou ki nan men bandi yo. Lis medsen ki viktim kidnaping nan peyi a pa sispann ogmante. N ap raple […]Lire plus...

Dominiken pral kapab ale an Ewop san viza apati 2025

Gras ak yon paspò elektwonik, dominiken yo ap kapab vwayaje pou ale an Ewop san viza. Se Digna Reynoso direktris jeneral paspò yo ak Edward Figueroa ki reponsab Depatman k ap remèt ak renouvle paspò yo ki anonse nouvèl la. Avan 2025, Repiblik Dominikèn ap deja gen paspò elekwonik sa yo. L ap valab pou […]Lire plus...

Komisarya Lestè fèmen, polisye yo lage pye yo

Aprè komisarya Ti Rivyè Latibonit, Lyankou, Vèrèt ki fèmen kounye a se tou pa komisarya komin Lestè nan Depatman Latibonit ki fèmen pòt li. Polisye yo ale paske bandi ki fè pati baz Kokorat san ras yo menase pou pran komisarya a an otaj, akoz mank materyèl yo oblije lage pye yo. Malgre pwomès DDA […]Lire plus...

Tranbleman tè a pa bliye Ayiti

Vè 10è 56 nan aswè madi 21 fevriye 2023 a, tè a tranble pou yon lòt fwa nan peyi d Ayiti. Daprè premye detay yo, episant lan twouve l a 56 km de Marigo, nan Depatman Sidès peyi a. Li te sekwe tou nan Pòtoprens ak zòn ki anviwonnen l yo. Li souke ak magnitid […]Lire plus...

Contact Us