Jounen lendi 20 novanm 2023 sa a, jij Walther Wesser pase lòd pou Lapolis arete Macky Kessa, ajan enterimè komin Jakmèl la. Jij la mande pou fòs lòd yo akwe Macky Kessa aprè li te fin tande l sou dosye asasina defen prezidan Jovenel MoĂŻse la. Depi lè l ap enstwi dosye sa a, se […]Lire plus...
Dimanch 19 novanm 2023 a, gouvènman peyi Latiki a voye tounen 334 ayisyen ki te an grann difikilte nan peyi sa a. Se yon vòl “Air Anka” ki te plane sou Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti pou vin depoze resòtisan ayisyen sa yo. Tout ayisyen sa yo se jèn ki t ap fè fas ak pwoblèm […]Lire plus...
Pou yon twazyèm fwa, premye minis ayisyen an, Ariel Henry, pa afiche konpòtman yon chèf d Eta pou l salye otorite nan lòt peyi yo. Aprè Joe Biden epi yon chèf azyatik, kounye a se youn nan prens Arabi Sawoudit yo Ariel Henry bese byen ba pou l salye. Nan sa ki gen pou wè […]Lire plus...
Poutèt Eta sa a pa vle otorize ayisyen ki antre nan pwogram Biden nan mwayen pou yo gen pèmi kondwi, yon gwoup 5 ayisyen deside pou pote plent kont Eta sa a. Pandan otorite nan Indiana pa vle bay ayisyen yo pèmi sa a alòske yo akòde ikrenyen yo li. Jeffson Saint-Hilaire, yon jenn gason […]Lire plus...
Nan vakĂ m ki te genyen anba lavil la dimanch 19 novanm nan, Lapolis Nasyonal d Ayiti anonse li sezi yon fizi Kalachnikov ak tout yon Kia Sportage koulè nwa plak: AA-16316. Nèg ak zam ki te ladan l yo te ouvè kout zam sou yon patwouy BI1PAP vè 2 è 25 yo konsa. Lapolis te […]Lire plus...
Vladimir Marcelin ki fè pati 27e pwomosyon PNH la tonbe anba bal aprè midi dimanch 19 novanm 2023 sa a. Se egzateman nan katye Solino polisye sa a pèdi lavi l. Selon enfòmasyon SYNAPOA bay, se ta nèg ak zam ki sòti sou Bèlè ki atake Solino ki ki dèyè zak sa a. Toujou daprè […]Lire plus...
Plis pase 9 moun mouri, san konte divès lòt ki rete kwense anba yon mi ki fin tonbe sou vyadik 27 Febrero ak Maximo GomĂ©z la. Bilan sa yo rete nan yon faz pwovizwa daprè otorite yo an Repiblik Dominikèn. Gwo lapli k ap tonbe lakay vwazen lakoz 21 moun deja pedi vi yo. Gouvènman […]Lire plus...
Sanfil, Koridò Basya, Kafou Peyan, anba Dèlma, Nazon jiska Kafou Aviyasyon, tansyon yo anpil anba lavil la. Nou aprann gen polisye ki blese ak lòt viktim nan kan popilasyon an pou aprè midi dimanch 19 novanm sa a. Zòn ki plis sible a se Solino kote manm popilasyon an ap rele mande sekou. Malgre tan […]Lire plus...
Jounen Dimanch 19 novanm 2023 sa a, vijilans meteyo a leve pou peyi d Ayiti daprè sa Direksyon Pwoteksyon Sivil pibliye sou kont X li. “Alèt la tou leve ni pou depatman ki te anba alèt oranj yo, ni pou rès yo ki te anba alèt jòn yo. Depatman Lwès, Sid, Sidès, Nòdwès, Grandans ak […]Lire plus...
AbigaĂ«lle Hailey Germinal alyas “Fifi Bèl Bòs ki te pran nasyonalite amerikèn an 2019, jwenn arestayon l lendi 13 novanm pase a nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti. Lapolis prezantè Fifi Bèl Bòs kòm alye divès chèf gang tankou Krisla, Ti Lapli, Lanmò san jou pou n site sa yo ase. Delekant sa a, daprè PNH […]Lire plus...