MoĂŻse Jean-Charles deja transfere non reprezantan pa li a bay Caricom pou koze Konsèy Prezidansyèl 7 tèt la. Emmanuel Vertilaire Se non sa ke pati Pitit Desalin mete nan lis pou reprezante l nan Konsèy la. Vertilaire se yon ansyen jij enstriksyon Okap Ayisyen, ki te demisyone nan pozisyon li an dawout 2022. N ap […]Lire plus...
Makandal, chèf gang ki te apenn enstale nan Bristou yon katye ki andan peguy ville depi ayè fenk bay bawon lanmen. Popilasyon sivil la, nan tèt kole ak Lapolis rive metrize towo a, vide bal sou li epi ba li dife. UTAG te deplwaye an ranfò ak komisarya Petyonvil. Nan moman an, tout bri bal […]Lire plus...
Ministè Defans peyi Dominikani anonse maten an, atravè jounal Listin Diario, Etazini ak Kanada mande yo otorizasyon pou yo jwenn aksè nan peyi sa a pou enstale pèsonèl yo, ekipman ak avyon tou. Etazini di li prè a nenpòt moman pou debake sou tèren an pou vin bay sekirite, san dout nan lespri pou kontinye […]Lire plus...
Ansyen premye minis Ariel Henry pou kouwè l ye la a, pa fin twò lib. Se sèvis sekrè ameriken k ap siveye l nan peyi Pòto riko daprè enfòmasyon CBCNews pataje pandan jounen an. Otorite amerikèn yo fè konnen Ariel pa anba kòd men se Ajan Sekrè k ap jete koudèy sou li. Yon moman […]Lire plus...
Resòtisan ameriken sa yo ki se 1000 anviwon mande Etazini vin pote yo sekou nan peyi d Ayiti. Se pòt pawòl Depatman d Eta a, Vendant Patel ki pataje enfòmasyon sa a jounen madi 19 mas la. Sitwayen ameriken sa yo kontakte enstitisyon amerikèn sa a atravè fòmilè akèy nan moman kriz ki la pou […]Lire plus...
Nan fen jounen lendi 18 mas la, 4 bandi vale dlo bouch yo, yon ajan sekirite blese e 4 fizi M4 sezi, se bilan atak nèg ak zam yo te fè sou pi gwo Bank peyi a. Se sòlda Lame d Ayiti ak Lapolis ki t al ede ajan sekirite BRH yo repouse zèfèyis yo. […]Lire plus...
Esther Tunier, direktris Kolèj Klasik Feminen vale dlo bouch li ayè lendi 18 mas la, nan moman zago loray yo t ap atake Laboul ak Tomasen an. Gen plizyè lòt mò ki anrejistre nan mitan popilasyon an pandan atak sa a e divès blese. Pou pwoteste kont asasina sa a enstitisyon lekol la deside obsève […]Lire plus...
Bandi pete yon mi nan do kay Lucien Jura anndan Vivy Mitchell, ansyen jounalis radyo Sinyal e ansyen pòt pawòl Michel Joseph Martelly epi yo ale avèk li ayè lendi 18 mas la. Se PĂ©guy Jean, ki pataje enfòmasyon sa pandan l site yon manm fanmi Lucien Jura. Se plizyè zago loray ki antre kay […]Lire plus...
Si n retire Pitit Desalin ki rale kò l, kounye a gen 6 moun ki pare pou konsèy prezidansyèl la ak 2 obsèvatè. Akò 21 Desanm se Louis GĂ©rald Gilles, pou Kolektif 30 janvye se Edgard Leblanc Fils, Fanmi Lavalas se Lesly Voltaire, Akò Montana Fritz Alphonse Jean, pou RED/EDE/Konpwomi Istorik se Marie Ghislaine Mompremier, […]Lire plus...
Aktyèl prezidan peyi Larisi a retounen eli pou yon 5e manda nan tèt peyi sa a jounen dimanch 17 mas la. Li ranpòte eleksyon sa yo a 87% vwa yo daprè AFP. Li gen aprè l, NikolaĂŻ Kharitonov ki fè 4,11% vòt, Vladislav Davankov ak 3,92% epi LĂ©onid Sloutski 3, 06% vwa yo. Opozisyon peyi […]Lire plus...