Daprè enfòmasyon komisè gouvènman Pòdepè a bay maten an sou radyo, se 30 prizyone ki chape poul yo vandredi 3 me a nan prizon sivil Pòdepè a. Gen 5 moun ki mouri pandan evazyon sa a pami yo yon gwo chèf gang ki rele 3 milyon. Misye te konn ap opere nan gang ti Bwadòm […]Lire plus...
Nan jounen 1e me 2024 la, bandi k ap opere nan baz Gran Grif nan Latibonit detounen 6 ti bis daprè sendikalis Jacques Anderson Desroches. Anplis de atak sa yo, gen plizyè pasaje ki pèdi lavi yo pandan gen anpil lòt ki sòti blese. Yon sitiyasyon sendikalis la denonse e mande Lapolis pran responsablite l. […]Lire plus...
Bilan pasyèl yo deja prezante pou pi piti 11 mò daprè enfòmasyon responsab yo bay nan fen jounen an. Pi fò nan viktim yo se minè. Nan fouy ki fèt kote tè a glise a, responsab yo jwenn yon grenn moun ki vivan. Se gwo dega materyèl ki fèt jodi jedi sa a tou nan […]Lire plus...
Anpil kout bal chante nan divès kwen nan Pòtoprens pou premye jou nan mwa me a nan aswè a. Moun Solino, Dèlma 24, Nazon, anba Dèlma konnen yon moman tèrib anba men malfèktè sa yo ki pa sispann miltipliye atak yo sou Solino. Malgre jefò fòs lòd yo, rezilta yo mal pou ateri. Teworis Viv […]Lire plus...
Lapolis Nasyonal d Ayiti nan tèt kole ak ajan dwanye yo nan vil Okap mare kou krab Jacques Joseph lendi 29 avril pase a paske li enplike nan trafik zam. Ajan LadwĂ n yo jwenn nan yon konntenè 2 zam kalib 9mm, 13 katouch ak yon chajè anndan yon dwoum. Jacques Joseph sa a, se te […]Lire plus...
Gustavo Petro ki se prezidan peyi Kolonbi fè konnen lame peyi li a pèdi pliske yon milyon katouch, grenad ak misil. Chèf Leta a di gen anpil posiblite pou se ann Ayiti yo antre ak minisyon sa yo pou vann yo bay gang. Lame Kolonbyen an se youn nan lame ki pi byen ekipe nan […]Lire plus...
Daprè laprès nan peyi Kenya, gen 200 polisye k ap debake nan peyi d Ayiti annatandan, 23 me k ap vini la a. Ekip sa a ap devanse rès manm fòs miltinasyonal yo. Daprè otorite yo nan peyi Kenya, Etazini kòmanse konstwi anga pou loje twoup yo an Ayiti. N ap raple vandredi pase a, […]Lire plus...
2 gòl nan chak kan, se sou eskò sa a premyè manch demi final ale ant Baryen ak Real la fini. Vinicius make 2 gòl Real yo, youn sou penalite pandan Leroy SanĂ© ak Harry Kane te enskri 2 gòl Baryen yo. Pwochen randevou se pou 8 me pou match retou ant 2 klèb yo. […]Lire plus...
Se pa eleksyon ki fèt men se pito yon antant ki jwenn ant aktè yo e yo chwazi Edgard Leblanc Fils, ansyen senatè ak manm fondatè OPL kòm prezidan Konsèy Prezidansyèl la. Anplis de sa, pati yo sanble antann yo tou pou se sitwayen Fritz BĂ©lizaire ki vin premye minis nouvo gouvènman ki pral monte […]Lire plus...
CNN te chita pale ak chèf gang Kraze Baryè a ki se Vitelòm. Chèf kriminèl la fè konnen e n ap site:” tout tan pa gen yon Leta ki ofisyèlman vin chita pale avèk regwoupman Viv Ansanm nan, yo p ap janm depoze zam yo”. CNN dekri yon Vitelòm ki trè kwè nan tèt li […]Lire plus...