Medya AyiboPost revele ke gang 5 Segond ki gen Johnson AndrĂ© alyas Izo nan tèt li a ap konstwi yon Waf bò lanmè a. Objektif nèg yo se fasilite dwòg, zam ak minisyon fè ale vini pi fasil paske yo panse fòs miltinasyonal la ka bloke yo. Daprè yon ekspè, lanmè a bay gang yo […]Lire plus...
PNH la di li pran “AK” lanmò 2 sitwayen ameriken sa yo ki pèdi lavi yo britalman nan Lizon anba men zèfèyis yo. Li voye kondoleyans pou fanmi yo ak tout Anbasad Amerikèn. Nan menm nòt la, DG Lapolis la di gen ankèt ki deja louvri nan Enspeksyon Jeneral Polis la pou yo ka idantifye […]Lire plus...
Prezidan William Ruto deklare nan mikwo BBC News se nan 3 semèn ankò fòs miltinasyonal la ap debake nan peyi d Ayiti. Selon prezidan an, gen aranjman ki poko fin fèt pou polisye Kenyan yo debake nan peyi a. Menm jounen yè a, administrasyon Biden nan te di fòk tout bagay fèt pou fòs la […]Lire plus...
Avèk tout zam sou yo epi ansyen badj Lapolis, Lemy Railey Toussaint ak Fritz Jean jwenn arestayon yo jounen vandredi 24 me a nan zòn Chandmas. 2 ansyen ajan sa yo prezante kòm manm kowalisyon Viv Ansanm nan, espesyalman 5 Segond k ap opere Vilaj de Dye. Nèg sa yo konn abitye fè kidnaping tout […]Lire plus...
Nathalie, ak Davy Lloyd, se non 2 misyonè sa yo ki pèdi lavi yo sovajman nan lannwit jedi 23 me a nan zòn Lizon, Laplèn. 2 Moun sa yo sòti nan eta Missouri nan peyi Etazini. Ben Baker ki pataje enfòmasyon an sou paj Facebook, li deklare se yon nouvèl tris pou fanmi misyonè sa […]Lire plus...
Nan rapò ki genyen ant 2 peyi yo, gouvènman Chinwa ak gouvènman Dominiken an ap finalize dokiman yo pou yo ka voye 120 anbilans bay Repiblik Dominikèn. Anbilans sa yo ekipe ak teknoloji wo nivo pou yo kapab amelyore sektè medikal yo a epi pou yo bay moun yo pi bon sèvis. Joel EchavarrĂa ki […]Lire plus...
Nan kòmansman semèn nan, Luis Abinader fè konnen peyi li a ap antre an kontak ak tout peyi ki enplike nan dosye Misyon Miltinasyonal k ap debake nan peyi d Ayiti a, sitou Kenya ki responsab misyon an. Li fè konnen li nesesè pou l jwenn tout detay sou rive fòs la nan peyi d […]Lire plus...
Kriminèl yo touye 4 moun, yo boule pliske 20 kay nan lokalite Dalment, yo ale ak anpil machin, yo piye Fondasyon Blan kote ki gen yon lekòl, yon Lopital ak yon ofelina. Zak teworis sa a rive ayè madi 21 me a nan komin Tomazo kote pa gen polisye depi plis pase 7 mwa. Tomazo […]Lire plus...
Misyon Miltinasyonal k ap vin bay sipò ak sekirite nan peyi a p ap vini nan fen mwa a sa ankò. Daprè kòmandan ki Ayiti a, pa gen materyèl ase pou polisye yo deplwaye. Pa gen elikoptè pou deplase ak moun ki nan nesesite, pa gen bon sistèm kominikasyon e pa gen ase blennde pou […]Lire plus...
Reprezantan Fanmi Lavalas nan Konsèy Prezidansyèl la pa sispann fè yon seri revelasyon chòk. Nan mikwo France 24, li deklare fòs etranje k ap vin Ayiti yo ap antrene polisye ayisyen yo pou yo ka al atake gang yo men se p ap wòl fòs miltinasyonal la pou fè sa. Misye deklare pou ofisye etranje […]Lire plus...