Redaktè Jounal

Youri Latortue antrave ak Lajistis peyi d Ayiti

Ansyen senatè Youri Latortue dwe fèmen dèyè kat miray pou l pase ant 3 a 7 lane daprè atik 4.5 lwa 12 mas 2014 ki baze sou kòripsyon. Se jij Marthel Jean Claude ki rann òdonans sa a e mande tribinal kriminèl pou tande ansyen senatè a. Rezon an se paske li enplike nan kòripsyon […]Lire plus...

Martine Moïse di li konn kiyès ki touye mari l

« Mwen gen yon lide sou kiyès ki asasine Jovenel Moïse men m p ap janm di kiyès, m ap kite lajistis fè travay li », se deklarasyon sa a madanm defen Jovenel Moïse fè. Martine Moïse kontinye ap kite moun sou dout nan dosye asasina Jovenel la. A chak fwa lajistis amerikèn fè yon avanse sou […]Lire plus...

Vithel’Homme kidnape yon ansyen Prezidan KEP

Pierre-Louis Opont, ansyen Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa nan men Vithel’Homme. Bandi kidnape l ayè madi a nan aswè pandan l ap antre lakay li. Pierre-Louis Opont se mari jounalis Marie Lucie Bonhomme bandi te pran anndan lakay li 13 jwen pase a. Pierre-Louis Opont te dirije Konsèy Elektoral an 2015, li te remèt demisyon l […]Lire plus...

Alex Larsen ki ranplase Ariel Henry

Jodi a Ariel Henry ale an Frans se minis sante a, doktè Alex Larsen ki gen 85 lane tou ap tranble, ki pral jere enterima a pandan 2 jou absans premye minis la. Nan vwayaj Jamayik la, se minis Ekonomi ak Finans lan Michel Patrick Boisvert ki te ranplase l. Alex Larsen malgre sante l […]Lire plus...

Ayiti anba menas yon Ond Twopikal

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil peyi d Ayiti anonse gran piblik la an jeneral gen yon sistèm twopikal ki sou wout pou frape Ayiti. Ond Twopikal sa a ki twouve l Kapvè an Afrik kapab transfòme an Tanpèt Twopikal nan 24 a 48è k ap vini la yo. Otorite yo mande tout moun rete sou brigad […]Lire plus...

Contact Us