Dimanch 23 fevriye 2025 sa a, youn nan polisye kenyan yo pran bal nan Latibonit pandan yo t ap mennen yon operasyon bò kote PNH la nan lokalite Segen, anndan Savyen. Daprè pòt pawòl Fòs Miltinasyonal la, Jack Mbaka, se nan elikoptè yo deplase avèk li malerezman, yon nòt MSS la sòti touswit aprè konfime […]Lire plus...
Ansyen senatè Nip la, Nenel Cassy fè konnen li pa nan gang, okontrè se depi nan palman an l ap mennen batay kong gang. Nan nòt li a, Nenel Cassy fè konnen li pa ge zam, li pa reprezante yon danje pou pèsonn jan DCPJ di a. Li ajoute pou l di l ap toujou […]Lire plus...
Joe Pascal Clergé alyas Dilou, anba kòd nan komin Beladè. Daprè enfòmasyon li bay fòs lòd yo, li di sòti Pegivil nan komin Petyonvil. Dilou se youn nan bandi ki te konn ap opere Bèlè selon detay ki pataje sou li. Lapolis dekouvri towo a ak yon bann tatou ki pote anpil dout sou moun […]Lire plus...
Michael Adrian Nieto, 31 lane, ofisye polis nan Saint Cloud plede koupab 18 fevriye 2025 lan devan lajistis nan Florid. Sèl sa misye fè se achte zam, revann bay nèg ki nan kontrebann pou ale avèk yo Ayiti, Pòtoriko ak Sendomeng. Soti 6 jwen 2022 pou rive 2 septanm 2024, Nieto achte pou pi piti […]Lire plus...
Nouvèl sa a reprezante yon gwo kout ponya pou konpatriyòt ayisyen k ap viv Ozetazini ki sou TPS. Administrasyon Trump lan anonse l ap mete fen nan pwolongasyon TPS ayisyen yo nan mwa Out 2025. Olye 18 mwa administasyon Biden lan te mete l la, ekip Trump lan deside redui TPS la a 12 mwa […]Lire plus...
Ekriven, powèt, mizisyen, dramatij, pent pou n site sa yo ase, Jean-Pierre Basilic Dantor Franckétienne d’Argent rann dènye soupi l jounen jedi 20 fevriye 2025 lan, lakay li nan Dèlma. Franckétienne kite nou a 88 rekòt kafe sou tèt li e li make anpil jenerasyon gras ak pil ak pakèt talan li te genyen yo. […]Lire plus...
Avan DCPJ resi lage avi rechèch sa yo lage dèyè Alfredo Antoine Antoine ak Nenel Cassy, yo ge bon jan bagay nan men yo. Alfredo Antoine, daprè plizyè revelasyon ki fèt gen bon jan relasyon ak gang yo. Nenel Cassy menm rive gen dosye ki fèt sou non l nan DCPJ ki disparèt. 2 ansyen […]Lire plus...
3 gòl a 1, se sou eskò sa a match retou pou baraj Lig Chanpyon yo fini an favè Real Madrid jounen mèkredi 19 fevriye 2025 lan. Kylian fè 3 gòl Real yo e poulen Pep Guardiola yo ki gen lontan depi y ap trennen te jwenn grenn gòl pa yo a nan tan adisyonèl. […]Lire plus...
Lakou d Apèl Pòtoprens, san sipriz, retire manda jij Benjamin Felismé te lage dèyè Emmanuel Vertilaire, Louis Gérald Gilles ak Smith Augustin pou dosye 100 milyon goud yo te gagote nan BNC a. Lakou a di desizyon sa a pa konfòm ak konstitisyon 1987 la pandan l mande jij la pou l pouswiv enstriksyon an […]Lire plus...
Primati ak konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la deside anile kanaval nasyonal yo te prevwa òganize nan vil Fòlibète sòti 2 pou rive 4 mas 2025 lan. Pandan tan sa a, komin yo kapab deside òganize kanaval pa yo, menmsi kanaval nasyonal la p ap fèt ankò. Èske yo pat gentan dekese 300 […]Lire plus...
