Rezo sa a fonksyone menm jan ak yon gwoup gang. Yo rele w nan telefòn, ba w tout enfòmasyon sou yon moun menm fanmi avèk ou epi yo di w li kidnape pou voye lajan ale. Yo bay moun anpil presyon nan sans sa a pou w ka voye lajan ba yo. Rezo fosè sa […]Lire plus...
Louis-Jeune Jean alyas “Blanc” se non prezime bandi sa a Lapolis nan Sidès arete nan lokalite Mabyal samdi 4 me 2024 la. Yo jwenn li ak 113 500 goud sou li. Daprè enfòmasyon fòs lòd yo bay, jenn gason 31 lane sa a, se li menm ki se responsab pòs ki konn ap touche lajan […]Lire plus...
Administrasyon Biden lan ap ede Ayiti frenen gang yo k ap fè ravaj nan peyi a. Gen anpil materyèl militè ki kòmanse rive nan peyi a daprè yon sous nan Lapolis la. Otorite yo gen pou resevwa, 80 Humvees, 35 MaxxPro transpòtè enfantri, ap gen zam pou tirè delit (sniper), anpil katouch epi dwon pou […]Lire plus...
Jij enstriktè Edwige Dorsainvil mande pou ansyen senatè Plato Santral la, Rony CĂ©lestin ak tout majistra meri Mibalè a, Lochard Laguerre al jije devan Tribinal Kriminèl poutèt yo enplike jouk nan zo nan zak asasina ki te fèt sou jounalis NĂ©hĂ©my Joseph, jou ki te 10 oktòb 2019 la. Gen 6 lòt moun ankò jij […]Lire plus...
Avyon militè ameriken ki te ateri nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti ayè vandredi a te pote materyèl pou fòs miltinasyonal ki gen pou deplwaye nan peyi a avan lontan. Gen anplwaye tou yo pote k ap vin travay nan espas y ap konstwi pou loje polisye etranje yo. Jiskaprezan dat 23 me 2024 la toujou […]Lire plus...
Daprè enfòmasyon komisè gouvènman Pòdepè a bay maten an sou radyo, se 30 prizyone ki chape poul yo vandredi 3 me a nan prizon sivil Pòdepè a. Gen 5 moun ki mouri pandan evazyon sa a pami yo yon gwo chèf gang ki rele 3 milyon. Misye te konn ap opere nan gang ti Bwadòm […]Lire plus...
Nan jounen 1e me 2024 la, bandi k ap opere nan baz Gran Grif nan Latibonit detounen 6 ti bis daprè sendikalis Jacques Anderson Desroches. Anplis de atak sa yo, gen plizyè pasaje ki pèdi lavi yo pandan gen anpil lòt ki sòti blese. Yon sitiyasyon sendikalis la denonse e mande Lapolis pran responsablite l. […]Lire plus...
Bilan pasyèl yo deja prezante pou pi piti 11 mò daprè enfòmasyon responsab yo bay nan fen jounen an. Pi fò nan viktim yo se minè. Nan fouy ki fèt kote tè a glise a, responsab yo jwenn yon grenn moun ki vivan. Se gwo dega materyèl ki fèt jodi jedi sa a tou nan […]Lire plus...
Anpil kout bal chante nan divès kwen nan Pòtoprens pou premye jou nan mwa me a nan aswè a. Moun Solino, Dèlma 24, Nazon, anba Dèlma konnen yon moman tèrib anba men malfèktè sa yo ki pa sispann miltipliye atak yo sou Solino. Malgre jefò fòs lòd yo, rezilta yo mal pou ateri. Teworis Viv […]Lire plus...
Lapolis Nasyonal d Ayiti nan tèt kole ak ajan dwanye yo nan vil Okap mare kou krab Jacques Joseph lendi 29 avril pase a paske li enplike nan trafik zam. Ajan LadwĂ n yo jwenn nan yon konntenè 2 zam kalib 9mm, 13 katouch ak yon chajè anndan yon dwoum. Jacques Joseph sa a, se te […]Lire plus...