Redaktè Jounal

Lapolis fè yon bon bèk nan Mibalè

Plizyè vagabon a sapat tonbe nan komin Mibalè jounen vandredi 18 avril 2025 sa a nan echanj kout bal ak Lapolis. Nan kad entèvansyon sa a, gen plizyè gwo zam fòs lòd yo rive sezi. Imaj yo montre plizyè jenn gason ki kouche ak mouchwa tout koulè mare nan ponyèt yo ak nan senti yo. […]Lire plus...

Lapolis ak Lame fè tout sa yo kapab pou anpeche

Sòti depi Petyonvil, desann sou Dèlma vire sou Lali antre sou Boudon jouk rive Jivena, Lapolis gen yon dispozitif anraje pou bloke tout manifestasyon ki vle atenn Vila d Akèy la. Plizyè inite tankou BRI, UDMO, BLTS, CIMO, sòlda FAd’H ak polisye administratif ame jouk nan dan pou bare manifestan yo k ap reklame sekirite […]Lire plus...

Normil Rameau pral mete Lapolis la anfas Pèp la

Pa rapò ak mouvman manifestasyon ki anonse nan peyi e an menm tan menas gang yo, chèf Polis la deside konvoke tout polisye sou lye travay yo jiskaske lòd la chanje. Daprè MĂ©tronome, gen yon reyinyon ki fèt nan fen jounen madi 15 avril la ant Fritz Jean, Didier Fils-AimĂ© ak Rameau Normil. Gen kèk […]Lire plus...

Gwo mobilizasyon anonse pou jounen mèkredi sa a

Sou inisyativ ekip k ap jere sekirite Kanapevè a, anpil kote nan zòn metwopolitèn nan kòmanse manche ponyèt pou deklanntche yon gwo jounen leve kanpe pou denonse pope twèl yo epi pou egzije yo sispann sitirè gang nan peyi a. Popilasyon an deja voye pinga bay lapolis k ap vini voye gaz ak bal sou […]Lire plus...

Minis Ayisyen kap viv lot bò dlo yo pran yon ront

Ayisyen k ap viv nan peyi Kanada yo deklare minis ayisyen k ap viv aletranje yo, Kathia Verdier, “persona non grata” nan kad jounen entènasyonal dyaspora yo nan Monreyal. Nouvèl la tonbe tankou yon kout kanno nan kan minis la ak gouvènman ayisyen an. Dyaspora ayisyen ki Kanada yo deside bloke minis Kathia pou l […]Lire plus...

Contact Us