Pi gwo tribinal nan peyi Etazini an otorize Administrasyon Trump lan revoke estati legal tout moun ki te antre nan kad pwogram Biden nan. Mete sou sa, y ap ka mete moun sa yo sou lis depòtasyon. Dezisyon sa a pran vandredi 30 me 2025 sa a, aprè yon demann an ijans administrasyon Trump lan […]Lire plus...
Majorite migran ayisyen ki te itilize aplikasyon CPB One nan pou sòti Meksik rantre Etazini resevwa yon notifikasyon sou kont USCIS yo ki fè yo konnen kat travay yo revoke. Anpil nan moun sa yo ki resevwa notifikasyon sa a ayè jedi 29 me a fè konnen se an 2026 kat travay yo t ap […]Lire plus...
Endividi ak zam kwape ajan dwanye yo nan dwàn Malpas la epi yo pran li an otaj selon enfòmasyon plizyè medya nan vil la rapòte. Gwoup sa a prezante tèt li kòm brigadye e se yon sèten Benbenn ki nan tèt yo, misye se moun Fonparizyen. Pa gen okenn responsab ki gen kontwòl dwàn nan […]Lire plus...
Fritz Longchamp, ansyen minis zafè etranjè peyi d Ayiti remèt lèt kreyans li bay prezidan dominiken an Luis Abinader nan kad yon seremoni ofisyèl ki te dewoule jounen jedi 29 me a nan Palè prezidansyèl la. Nouvo anbasadè sa a antre an fonskyon an Repiblik Dominikèn nan yon kontèks difisil kote ayisyen ap moute yon […]Lire plus...
Depi an jiyè 2024, konsè a ap soufri ak yon kansè nan kolon. Aprè yon operasyon ki te rann li vin amelyore, li rekòmanse santi menm sentom yo pirèd e maladi a kòmanse atake zo li, malgre jefò l ap eseye fè. Medsen mande pou l swiv yon seyans radyoterapi men li pa gen sèvis […]Lire plus...
Wendy, youn nan rapè ayisyen ki fè anpil hit nan endistri rap kreyòl la fenk sot mete yon lòt albòm deyò ki batize “Traka”. Nan albòm sa a, Wendy trete anpil sijè ki gen pou wè a sosyete, kilti, lanmou elatriye. “Ap gen yon lòt dat” se youn nan pi bèl tèks sou albòm sa […]Lire plus...
Leta ayisyen gen yon kontra ak Erik Prince, fondatè Blackwater Worlwide pou vin batay kont gang yo an Ayiti. Selon New York Times, depi mwa mas 2025, espesyalis konpayi sa a ap itilize dwon pou elimine gang yo. Erik Prince ki se yon ekspè trè pwòch Donald Trump deja rekrite plizyè veteran militè ayisyen ak […]Lire plus...
Peyi Lespay foure pye l nan zafè Misyon Miltinasyonal Kenya ap dirije an Ayiti a. Lespay ap bay 2 ofisye men yo p ap vin travay Ayiti paske biwo yo se Washington l ap ye, nan kapital Etazini. Ofisye sa yo ap responsab pou bay konsiy lè gen operasyon sou tèren, selon enfòmasyon ki disponib. […]Lire plus...
Depi dwon fin lage yon kote, Pierre Espérance pran radyo pou l prezante bilan alòske Lazarre ak Louis-Jeune poko di anyen. Rezon ki fè Pierre Espérance gen plis detay se paske pa gen okenn kòdinasyon ant direksyon jeneral polis la ak Task fòs Primati a. Se Primati ki gen kontwòl dwon yo e se mèsenè […]Lire plus...
Daprè direktè egzekitif Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo Pierre Espérance, gen pou pi piti 30 bandi ki mouri aprè Lapolis fin lage dwon sou baz Izo 5 segond lan ayè dimanch lan epi gen anviwon 100 lòt ki blese. Li fè deklarasyon sa yo sou radyo Magic 9 maten lendi 26 me […]Lire plus...
