Redaktè Jounal

Ayiti gen yon nouvo anbasadè ki reprezante l kay vwazen

Fritz Longchamp, ansyen minis zafè etranjè peyi d Ayiti remèt lèt kreyans li bay prezidan dominiken an Luis Abinader nan kad yon seremoni ofisyèl ki te dewoule jounen jedi 29 me a nan Palè prezidansyèl la. Nouvo anbasadè sa a antre an fonskyon an Repiblik Dominikèn nan yon kontèks difisil kote ayisyen ap moute yon […]Lire plus...

Wendy lage yon “Traka” ki souke entènèt la

Wendy, youn nan rapè ayisyen ki fè anpil hit nan endistri rap kreyòl la fenk sot mete yon lòt albòm deyò ki batize “Traka”. Nan albòm sa a, Wendy trete anpil sijè ki gen pou wè a sosyete, kilti, lanmou elatriye. “Ap gen yon lòt dat” se youn nan pi bèl tèks sou albòm sa […]Lire plus...

Se konpayi ameriken ki rele Blackwater a k ap lage

Leta ayisyen gen yon kontra ak Erik Prince, fondatè Blackwater Worlwide pou vin batay kont gang yo an Ayiti. Selon New York Times, depi mwa mas 2025, espesyalis konpayi sa a ap itilize dwon pou elimine gang yo. Erik Prince ki se yon ekspè trè pwòch Donald Trump deja rekrite plizyè veteran militè ayisyen ak […]Lire plus...

Pierre Espérance kanpe an pòt pawòl PNH

Depi dwon fin lage yon kote, Pierre EspĂ©rance pran radyo pou l prezante bilan alòske Lazarre ak Louis-Jeune poko di anyen. Rezon ki fè Pierre EspĂ©rance gen plis detay se paske pa gen okenn kòdinasyon ant direksyon jeneral polis la ak Task fòs Primati a. Se Primati ki gen kontwòl dwon yo e se mèsenè […]Lire plus...

Kadav ak blese fè mikalaw nan Vilaj de Dye

Lapolis parèt detèminan dènye jou sa yo pou baz Vitelòm a Izo a. Anndan Vilaj, lapolis lage plizyè dwon kamikaz sou baz 5 segond lan. Izo lage pye l, anpil bandi tonbe pandan lopital Dikini nan komin Kafou pa gen kote pou l resevwa blese ankò. Dega materyèl ak blese yo monte wo pil nan […]Lire plus...

Yon lòt vwayaj initil pou Smith Augustin

Konsèy defakto a ak manm gouvènman an te delege brakè Smith Augustin pou al reprezante Ayiti nan yon senpozyòm sou fason pou sekirite retabli an Ayiti. Aprè diskou li te fè devan etranje yo, Smith Augustin pa parèt kòm yon moun ki te an misyon pou ayiti. Okenn bilan pozitif, okenn avantaj pa tire pou […]Lire plus...

Contact Us