Redaktè Jounal

Dezyèm chèf gang Rivyè Fwad la anba kòd

Lapolis nan Beladè fouke Guillod Ora, 38 lane ki se dezyèm chèf gang Rivyè Fwad la ke Marc Arthur ap dirije nan komin Kafou. Se ajan POLIFRONT ki mare towo sa a ayè jedi 5 septanm nan vè 5è 30 nan laprè midi sou fwontyè Beladè a. Li nan gadavi annatandan yo transfere l Pòtoprens […]Lire plus...

Aviol Fleurant te debalize Ministè Planifikasyon

ULCC dekouvri ansyen minis planifikasyon Aviol Fleurant te anrichi tèt li ak 75 milyon 207 mil 339 goud, yon lajan li paka eksplike anketè yo kòman l fè genyen alòske li te deklare sèlman 400 mil goud li te konn rantre chak mwa nan Ministè a. ULCC akize l de anrichisman ilisit e mande pou […]Lire plus...

Anthony Blinken debake sou zile a

Tankou jan sa te prevwa a, Sekretè d Eta ameriken an, mouche Anthony Blinken debake sou tè papa Desalin nan jounen jedi 5 septanm nan. Li gen pou l rankontre Edgard Leblanc Fils, Garry Conille ak ekip li epi Godfrey Otunge, chèf Misyon Miltinasyonal la san bliye DG PNH la, Normil Rameau. Aprè vizit sa […]Lire plus...

Lapolis kòmanse byen wouze baz Babekyou a

Chèf gang Ba Dèlma a, Jimmy ChĂ©risier alyas Babekyou gen anpil jwè ki tonbe. Yon sèl jounen madi 3 septanm nan, li lage plizyè videyo kote l ap montre l ap fè rezistans e l ap eseye montre li gen polisye ki rejwenn li nan baz la. Nan videyo sa a, nèg ki kanpe kote […]Lire plus...

Direktè SMGRS yo gaspiye gaz tankou dlo

Germain PaulĂ©mon ak Marc Alex Joseph ki se youn aprè lòt Direktè Jeneral ak Direktè Jeneral adjwen SMGRS detounen 197 mil 499,57 galon dizèl, sa ki reprezante pliske 125 milyon goud, daprè ULCC. Mesye sa yo konfime pou anketè ULCC yo, chak mwa, yo toujou fè wout kwochi ak gaz ki la pou enstitisyon an. […]Lire plus...

ULCC lage anpil diplomat nan kouri pou dwèt long

LĂ©on Charles nan tèt lis la epi genyen tou Gilles StĂ©phane, Jean Yves Rody, Jean JosuĂ© Jean (Dahomey), Rockefeller Jules Samuel, Bataille Frantz, BenoĂ®t Lesly, RĂ©gine Lamur, Wedlyne François, François Guerrier, Saget Walfaud, Jean-Pierre Garvey, Jean Philippe Ricardo Charles. Tout diplomat sa yo pat janm fè deklarasyon patrimwĂ n yo, daprè rapò ULCC ki sòti jounen […]Lire plus...

Contact Us