Peyi Lespay foure pye l nan zafè Misyon Miltinasyonal Kenya ap dirije an Ayiti a. Lespay ap bay 2 ofisye men yo p ap vin travay Ayiti paske biwo yo se Washington l ap ye, nan kapital Etazini. Ofisye sa yo ap responsab pou bay konsiy lè gen operasyon sou tèren, selon enfòmasyon ki disponib. […]Lire plus...
Depi dwon fin lage yon kote, Pierre EspĂ©rance pran radyo pou l prezante bilan alòske Lazarre ak Louis-Jeune poko di anyen. Rezon ki fè Pierre EspĂ©rance gen plis detay se paske pa gen okenn kòdinasyon ant direksyon jeneral polis la ak Task fòs Primati a. Se Primati ki gen kontwòl dwon yo e se mèsenè […]Lire plus...
Daprè direktè egzekitif Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo Pierre EspĂ©rance, gen pou pi piti 30 bandi ki mouri aprè Lapolis fin lage dwon sou baz Izo 5 segond lan ayè dimanch lan epi gen anviwon 100 lòt ki blese. Li fè deklarasyon sa yo sou radyo Magic 9 maten lendi 26 me […]Lire plus...
Lapolis parèt detèminan dènye jou sa yo pou baz Vitelòm a Izo a. Anndan Vilaj, lapolis lage plizyè dwon kamikaz sou baz 5 segond lan. Izo lage pye l, anpil bandi tonbe pandan lopital Dikini nan komin Kafou pa gen kote pou l resevwa blese ankò. Dega materyèl ak blese yo monte wo pil nan […]Lire plus...
Konsèy defakto a ak manm gouvènman an te delege brakè Smith Augustin pou al reprezante Ayiti nan yon senpozyòm sou fason pou sekirite retabli an Ayiti. Aprè diskou li te fè devan etranje yo, Smith Augustin pa parèt kòm yon moun ki te an misyon pou ayiti. Okenn bilan pozitif, okenn avantaj pa tire pou […]Lire plus...
Nelson OdigĂ© alyas “Ti Gonayiv” ki gen 32 rekòt kafe sou tèt li kondane pou l pase tout rès vi li nan prizon. Nelson rekonèt li te fè kadejak sou 4 fanm pandan plizyè okazyon nan yon estasyon bis nan yon ti zòn ki rele Pine Hills nan Orlando. Se yon kondanasyon avi ki repete […]Lire plus...
Operasyon lapolis mennen sou chèf gang Kraze baryè a debouche sou plizyè rezilta: fòs lòd yo rive jis anndan peristil la, yo sezi anpil bagay ki ka itil yo pou ankèt, plizyè zam ak minisyon rekipere e gen anpil bandi ki tonbe. Vitelòm te gentan chape poul li, li travèse rivyè Griz pou l al […]Lire plus...
Michael Geilenfeld, 72 lane, kondane pou l pase 210 lane nan prizon pou abi seksyèl sou ti gason nan yon òfelina li te gen Ayiti. Aprè plizyè dizèn plent ki te depoze kont li, Lapolis Ayiti te arete l e transfere l nan peyi Etazini pou l ka jije. Se pa sèlman Ayiti misye konn […]Lire plus...
St Louis Amplait, Innocent Jean Mathurin ak Arnold LĂ©once, se non 3 fo medsen sa yo lapolis poze lapat sou yo nan Jeremi ayè jedi 22 me 2025 lan. Mesye sa yo gen plizyè lane depi y ap egzèse metye a pandan yo pa ge okenn otorizasyon ak konpetans pou sa selon medya lokal yo. […]Lire plus...
Lapolis nan Homestead arete jounalis Watson DĂ©sir pou “anprizonman ki pa jistifye” ak “asèlman kriminèl” sou yon jèn fi. Daprè rapò polis la, Watson DĂ©sir arete mèkredi 21 me 2025 lan, aprè yon envestigasyon yo t ap mennen aprè yo dekouvri gen yon dam li te vin pran nan travay li ki se yon Starbucks, […]Lire plus...