Ansyen senatè Nip la, Nenel Cassy ki se tou manm Sektè Demokratik ak Popilè a epi òm d afè Steeve Khawly, se 2 nouvo non peyi Kanada ajoute sou lis sanksyon l ap bay yo. Mesye sa yo anba sanksyon paske y ap ankouraje ensekirite nan peyi a epi yo patisipe rèd mare nan gwo […]Lire plus...
Devan yon tribinal nan Miami Florid jodi vandredi 24 mas la, Rodolf Jaar ki se youn pami akize nan lanmò defen prezidan an di devan tribinal la li koupab. Ă’m dafè a di li te bay lajan ak kay pou mèsenè kolonbyen yo e li te menm bay ajan sekirite prezidan yo lajan tou ak […]Lire plus...
Peyi Kanada dispoze pou l mete sou tab la 250 milyon dola. Lajan ki dwe sèvi pou ogmante salè polisye yo ak pou ba yo fòmasyon. Justin Trudeau pral pwopoze Etazini plan sa a paske li di li pa pare pou pran tèt yon twoup 4000 sòlda pou vini Ayiti jan prezidan Biden ap mande […]Lire plus...
Daprè enfòmasyon k ap sikile nan dènye minit sa yo, Steevenson Telfort alyas “Atros” ki se manm gwoup rap Rock Fam Lame a resevwa bal anba men bandi tou prè lakay li nan komin Dèlma. Gen yon zanmi l ki te avèk li ki kite po l aprè atak sa a. Tantativ asasina sa a […]Lire plus...
Pakèt kout zam ki t ap chante sou Lali a pou rive jis Channmas jodi a pat pou granmesi. Lapolis devye yon tantativ kidnaping kote yo fizye yon prezime kidnapè epi yo sezi 2 zam. Gen yon Toyota Land Cruiser fòs lòd yo rekipere tou. Te deja gen anpil kouri pasi pala anba lavil la […]Lire plus...
Nan kapital peyi Kanada ki se Otawa, prezidan ameriken an, Joe Biden pral chita pale ak premye minis peyi sa a ki se Justin Trudeau. Nan rankont sa a k ap pran fen demen vendredi 25 mas la, 2 chèf d Eta yo pral kontinye dyaloge sou konjonkti politik la ak dosye ensekirite ki gen […]Lire plus...
531 moun tonbe anba bal, 300 lèzòt blese e 280 kidnape. Se chif sa a Wo Komisarya Nasyon Zini pou Dwa Moun pibliye nan yon rapò jounen madi a nan vil Jenèv. Daprè moun sa yo, se gang nan kapital la ki komèt krim sa yo laplipa ladan yo se tirè delit ki voye yo […]Lire plus...
Etidyan Lekòl Nòmal Siperyè Tchadensky Jean-Baptiste pèdi lavi l jodi madi 21 mas 2023 a sou kabann lopital. Jèn etidyan UEH la mouri aprè l fin resevwa yon bal mawon nan vant nan Ri Chanmas pandan l pral lekòl. Yon lòt jèn avni bal mawon retire nan bouch peyi a. Se pa jodi a se […]Lire plus...
Gonzalo Castillo, Donald Guerrero, JosĂ© Ramon Peralta se non 3 ansyen minis sou administrasyon ansyen prezidan Danilo Medina a. Lapolis arete yo dimanch 19 mas 2023 a nan maten paske yo gen dosye kòripsyon sou do yo. Se ajan ki fè pati inite pwokirè espesyalize k ap pouswiv moun ki nan kòripsyon ki arete ansyen […]Lire plus...
Nan kad dosye asasina Jovenel MoĂŻse la, jodi lendi 20 mas 2023 a, jij Voltaire tande pastè GĂ©rald Bataille ak pastè GĂ©rard Forge. Aprè 3 zèdtan li pase ap tande yo, jij la pran mezi pou anile manda yo te gen dèyè yo a e mande yo pou yo toujou rete a dispozisyon lajistis peyi […]Lire plus...
