Redaktè Jounal

Yon anplwaye Digicel tonbe nan Komin Taba

Marie Lydie Duvivier ki se aktyèl anplwaye konpayi Digicel jwenn lanmò l jodi madi 13 septanm 2022 a nan komin Taba aprè moun ak zam yo pa rive idantifye fin asasinen. Marie Lydie te fenk sot renouvle viza li nan Anbasad amerikèn ki twouve l nan menm zòn nan. Viktim nan se kolaboratris yon Medya […]Lire plus...

Gang Ti Makak nan Laboul 12 gaspiye 3 polisye

Daprè yon sous nan Lapolis, bandi ki fè pati baz Ti Makak nan Laboul 12 retire lavi 3 polisye nan e blese plizyè lèzòt nan kad echanj kout zam sa yo. Bandi yo fin touye polisye yo e pati ak kadav yo. Selon enfòmasyon yo, ensidan sa a lakoz gen anpil plenyen nan lapolis paske […]Lire plus...

Ariel Henry di fòk gaz la monte

Sèl mwayen pou tout moun rekòmanse jwenn gaz nan ponp yo se monte pou pri a monte daprè deklarasyon lokatè primati peyi Dayiti a. Se anviwon 50 milya goud Leta envesti chak mwa pou sibvansyone gaz la, sa ki pa yon avantaj pou peyi a daprè PM nan. Alòske l ap mande pèp la rete […]Lire plus...

Ant sa Bank Santral di a ak sa li pa

Nan mwens ke 24 èdtan, to chanj Bank Repiblik Dayiti a ogmante de 2%. Si yè vandredi a li te 115,61 goud pou yon dola ameriken, jodi a li pase a 117,38 goud. Yon bagay ki kòmanse lage anpil moun nan konfizyon. Plis dola ap simaye sou mache chanj lan, se plis lavi chè a […]Lire plus...

“Entèdi m al lakay ou se yon onè pou mwen”,

Nan yon mesaj li pibliye sou kont tweeter li touswit aprè desizyon Luiz Abinader la, ansyen premye minis Claude Joseph di pawòl sa yo:”Prezidan Luiz Abinader entèdi m rantre an Repiblik Dominikèn. Li klase m kòm lènmi nimewo 1 rasis dominiken yo. Se pa yon sanksyon. Se yon onè. Mwen resevwa l nan non papa Desalin, […]Lire plus...

Claude Joseph ak kèk chèf gang entèdi mete pye yo

Ansyen premye minis Claude Joseph, chèf gang Barbecue, Lanmò San jou, Ti lapli, Izo, Vithelome, Ti Gabriyèl, Pè Lebren, elatriye se kèk pami 12 ayisyen gouvenman dominiken sanksyone. Se nan yon dekrè prezidan an rann piblik mèkredi 7 septanm 2022 a li pran desizyon sa a. Claude Joseph sou lis la akoz dènye deklarasyon ki […]Lire plus...

Anba pwa grate Pèp la mande pou Ariel Henry pati

Jounen mèkredi 7 septanm nan plizyè milye moun te foule beton an nan tout peyi a pou denonse lavi chè, egzije pou gaz disponib nan ponp yo. Nan Petyonvil, Lapolis tire plizyè bal kawotchou, jounalis pran bal, plizyè moun blese patou nan peyi a. MoĂŻse Jean-Charles te prezan nan manifestasyon an kote l te kontinye […]Lire plus...

Contact Us