Ansyen premye minis Claude Joseph ekri konsèy minis peyi d Ayiti a pou l mande yo pran sanksyon kont 53 otorite an Repiblik Dominikèn. Li vini ak agiman pou di yo reprezante yon menas pou sekirite tèritwa peyi d Ayiti a. Pami moun li mande gouvènman an sanksyone yo gen prezidan dominiken, Luis Abinader. Claude […]Lire plus...
Depi yèswa, fòs lòd yo ap mennen yon operasyon gason pa kanpe nan baz Ti Makak la nan Laboul ak lokalite ki anviwonnen l yo. Anpil katouch tire, bandi tonbe e gen lòt ki mete van nan vwèl yo. Daprè Teriel Telus, se menm bandi sa yo ki te pase pa raje al sòti Petyon-Vil […]Lire plus...
Byen bonè maten lendi 24 avril la, anpil kout zam chante nan zòn Debisi, Kanapevè, Tijo pou n site sa yo ase. Kèk tan aprè, Lapolis dekouvri anviwon 14 jenn gason ap pase nan yon ti bis nan zòn komisarya Kanapevè a ak zam nan men yo, polisye yo bare yo. Popilasyon an fè fen […]Lire plus...
Nan yon tweet, Sendika Polis Nasyonal la (SYNAPOA) denonse Leta li di ki pa manifeste okenn volonte pran jere polisye yo. Ajan ki sòti nan 32e pwomosyon yo gen 5 mwa depi yo pa jwenn kat debi kò polis la dwe yo. Daprè SYNAPOA a, byennèt polisye yo pa respekte jan sa dwe ye. Se […]Lire plus...
Dosye sa a kite faz rimè a atò. Se tout bon vre, chèf gang Carlot Petit-Frère alyas Ti Makak bwè dlo bouch li. Lanmò malfra sa a fè swit ak dènye operasyon Lapolis te mennen nan Laboul ak Tomasen kote li te resevwa yon bal nan lestomak. N ap raple Ti Makak kontribye nan asasina […]Lire plus...
Fineray Pierre Paul Junior DorcĂ©, Robinson Nicolas ak MĂ©daise Fortilien Claude chante nan legliz Sur le Rocher Dèlma maten vandredi 21 avril la. Anpil inite nan kò polis la te la e fanmi, zanmi ak pwòch paran te prezan pou asiste ak seremoni an. Polisye yo te tonbe sou chan batay dimanch 9 avril la […]Lire plus...
Gwo kout zam otomatik ap chante, moun ap kouri patou kote, sa k ap tonbe, sa k ap kriye se konsa sitiyasyon an ye aprè midi vandredi 21 avril la sòti Dyèg, pase nan Manding jis rive Jirado antre Pegivil. Kouri sa yo fè swit ak atak zago loray yo fè ankò sou moun Dyèg […]Lire plus...
Nan dezyèm atak Lapolis t al fè semèn sa a sou chèf gang Ti Makak nan Laboul, nan echanj kout zam ak ajan SWAT ak CIMO yo, li te resevwa yon bal nan lestomak daprè enfòmasyon nou dispoze. Aprè l fin blese a, mesye Ti Lapli yo te desann avèk li nan baz yo, daprè […]Lire plus...
Aprè gwo atak bandi fè yè nan blòk Kanaran, Ti Tanyen ak Sous Matla, 4e seksyon komin Kabarè, zòn sa yo tèt anba jiskaprezan. Daprè yon rezidan nan zòn nan, gen kay ki gen moun mouri ladan yo yo paka sòti al pran kò yo. Gen moun ki blese ki pa ka ale lopital paske […]Lire plus...
Nan kad 13e edisyon somè entènasyonal sou finans, Gouvènè Bank Santral peyi d Ayiti, Jean Baden Dubois deklare san kè sote sistèm finansye peyi a anfòm, tout Bank yo gen likid, kredi yo ogmante. Pou Baden Dubois, bagay yo ale pi wo ke minimòm Bank Santral te mande a. Gouvènè a sanble pa okouran si […]Lire plus...