Redaktè Jounal

Yon lòt gwoup sòlda Ameriken debake nan Peyi a

Anbasad Amerikèn, nan yon kominike anonse gen yon lòt gwoup sòlda antiteworis ki vin ogmante sa ki te la deja yo, yon fason pou yo kapab garanti sekirite Anbasad la ak sèvis diplomatik yo. Anbasad Amerikèn nan peyi a fè konnen y ap rapouswiv jefò diplomatik ak imanitè yo an Ayiti, sa ki reprezante yon […]Lire plus...

Etazini pa dakò pou Guy Philippe pran pouvwa a

Daprè Matthew Miller, pòt pawòl Depatman d Eta ameriken, Guy Philippe p ap ka fè pati konsèy prezidansyèl tranzisyon an. Daprè pòt pawòl la ki te nan mikwo VOA kreyòl, ansyen senatè eli Grandans lan pa reponn ak kritè ki etabli pou yon moun vin manm konsèy sa a. Tout moun ki te akize oubyen […]Lire plus...

786 nouvo polisye pral foule beton an

Ayè lendi 11 mas la, 786 polisye ki sòti nan 33e pwomosyon PNH la gradye. Aprè 4 mwa ap pran fòmasyon nan lekòl polis la sou Wout Frè a, nouvo kòwòt sa a ki gen 112 fanm ladan l angaje yo pou al pwoteje ak sèvi popilasyon an. Frantz ElbĂ© mande jèn polisye sa yo […]Lire plus...

Polisye Kenyan yo p ap vini si pa gen yon

“Akò ki siyen ak prezidan William Ruto a toujou valab menmsi nou pa pral deplwaye polisye nou yo kounye a paske n ap tann gen yon gouvènman ki ranplase Ariel Henry”. Se sa Salim Swaleh, pòt pawòl Ministè kenyan pou Zafè Etranjè a deklare maten madi 12 mas la. Nou p ap deplòtonnen polisye nan […]Lire plus...

Ariel Henry deside remèt demisyon l

Premye Minis defakto a Ariel Henry demisyone, dapre “Mohamed Irfaan Ali” Prezidan GiyĂ n ak Prezidan aktyèl Kominote Karayib la (CARICOM). Henry ki gen 74 lane sou tèt li bay demisyon li apre lidè CARICOM yo te fè yon somè ijans sou sitiyasyon Ayiti a. Pou kounya la ansyen PM lan bloke nan Peyi Pòtoriko apre […]Lire plus...

Kadav polisye ki te mouri Bon Repo yo ap gate

Wo kòmandman PNH la pako janm bay otorizasyon pou konsta legal yo fèt pou kadav polisye yo ka antere. Daprè MĂ©dia Libre HaĂŻti, kadav polisye Guilliamson Jn Baptiste ki te tchake ak kouto kòmanse gate, kò enspektè Monode Etienne toujou nan Lopital kote l t al pran swen an, e lòt kadav bandi yo t […]Lire plus...

Dosye Ayiti a pral sou tab diskisyon nan peyi Jamayik

Gen yon gwo reyinyon k ap fèt jodi an kote plizyè peyi etranje pral diskite sou dosye Ayiti a. Anthony Blinken, Sekretè d Eta ameriken an deja nan wout pou Jamayik, genyen premye minis Babad, Ladominik, Bahamas, Sen Vensan ak Grenadin, Grenad, Jamayik ak prezidan peyi GiyĂ n nan k ap la tou. Aprè reyinyon sa […]Lire plus...

Contact Us