Redaktè Jounal

Lidè 400 Mawozo yo « Yonyon » ekstrade Ozetazini

Âpre l fin pase 8 âne nan penitansye nasyonal. Germine Joly alyas « Yonyon » yon chèf gang pwisan ekstrade nan peyi Etazini Amerik, madi sa a 3 me, 2022 abò yon avyon espesyal (FBI). Jistis Ameriken akize li pou konplo ak vyolasyon lwa Ameriken sou refòm kontwòl ekspòtasyon ak kontrebann e kont ranson Sitwayen Ameriken yo. […]Lire plus...

Yon bato ki gen plis pase 70 000 barik gazolin

Biwo Monetizasyon Pwogram Asistans Devlopman yo (BMPAD) anonse nan yon nòt pou laprès ki pibliye vandredi 29 avril 2022 la, ke « Bato MIT ALPINE MATHILDE ALPIN la kounye rive nan pò Pòtoprens jan li te planifye a, ak yon kago 72,500 barik gazolin. » Li pral waf nan tèminal Thor a pou dechaje kèk nan […]Lire plus...

Asasina etidyan 5yèm ane medikal Osny Zidor

Etidyan 5yèm ane nan FMP la, Osny Zidor, pedi lavil ak yon bal nan tèt nan Bois Verna samdi 23 avril 2022 an pa bandi kite abò motosiklèt. Bandi yo te louvri katouch sou yon minibis kote elèv la te ye. A remake ke jèn Osny zidor, te etidye nan Ecole Normale Supérieure la tou, […]Lire plus...

Léger Boyer, yon Kad DGI asasinen nan Delmas 83

Bandi ak zam asasinen Léger Boyer nan Delmas 83, pandan yon tantativ kidnapin, lendi 24 avril 2022. Li te gen 32 an. Léger Boyer, orijin Arniquet, yon vil nan depatman Sid, se te yon kad nan Direksyon Jeneral Taks (DGI). Li te etidye Syans Kontablite nan Enstiti Nasyonal Jesyon ak Etid Entènasyonal Avanse (INAGHEI). Li […]Lire plus...

Plizyè santèn fanmi chape anba vyolans gang yo

Moun ki deplase yo kouri met deyò akoz eklatman ant gwoup ame 400 Mawozo ak gang rival Chen Mechan, k ap goumen pou kontwòl teritwa a nan katye Croix-des-Bouquets, Croix-des-Mission, Butte Boyer ak Bon Repos. Nan jou ki sot pase yo, plizyè santèn fanmi ayisyen kouri kite vyolans ant gang ame nan Pòtoprens, yo pran […]Lire plus...

Larisi Mete 40 Diplomat Alman Deyò Lakay Li

Ministè afè etranjè Larisi a anonse lendi li deklare 40 manm misyon diplomatik Almay la “persona non grata”. Se yon aksyon revanj kifkif apre gouvènman alman an te mete deyò menm kantite diplomat ris. Chèf diplomasi almann nan, ki di desizyon Larisi a se pa yon sipriz, ajoute: “Okontrè, diplomat alman yo t ap travay […]Lire plus...

Moskou di li Elimine on Dron Ikrenyen

Otorite lokal yo di ke Lawisi te tire sou 2 dron Ikrenyen toupre fwontyè a Lendi. Gouvènè rejyon Kursk Romain Starovoit te di sou Telegram, « Defans anti-avyon Ris la te tire sou 2 dron Ikrenyen jodi a a 4:15 a.m. (01:15 GMT) » nan distri Rylsk ki sou fwontyè ak peyi Ikrèn. Anons sa a vini […]Lire plus...

Ayiti Anile Tout Vòl Ti Avyon Prive

Ofis Aviyasyon Sivil Ayisyen an entèdi tout vòl avyon prive sou teritwa nasyonal la an atandan li mennen ankèt sou aksidan yon ti avyon ki tonbe e touye omwens 5 moun epi blese plizyè lòt. Anons la fèt Jedi, apre yon Cessna 207 te fè kolizyon ak yon kamyon ki tap transpòte bwason gazez nan […]Lire plus...

Contact Us