Redaktè Jounal

Konsila Jeneral Ayiti a nan Santiago siyen yon akò koperasyon

Konsila Jeneral Ayiti nan Santiago ak Asosyasyon Endistriyèl Santiago (ACIS) siyen yon akò entè-enstitisyonèl pou ranfòsman ekonomik, komèsyal ak endistriyèl ant 2 nasyon yo. Dokiman an te siyen Mèkredi 1ye jen 2022 sa a pa Konsil Jeneral James Jacques nan non Konsila Jeneral Ayiti nan Santiago ak Sandy Filpo pou Asosyasyon Komèsan ak Endistriyèl Santiago, […]Lire plus...

Lapolis nan Pétion-Ville arete 6 Bandi et touye 5 lòt

Polis Nasyonal Ayiti (PNH) fè konnen ke li te pwosede jedi 12 me 2022 la arestasyon 6 manm gang « Vitelòm » nan Diègue, Metivier ak Doco, twa lokalite nan komin Pétion-Ville. Yo se Valsaint Antoine aka Anperè Toutou, Boussicot Emmanuel Evens, Lamour Johny, Peterson Bemduette, Beaubrun Bensley ak Etienne Bebetho, daprè enfòmasyon PNH bay. Anplis de […]Lire plus...

2 Polisye Anba Kod pou Trafik Dwòg

James Désire ak Fabert Jean-Louis se 2 ajan Polis Nasyonal Ayiti (PNH) ki jwenn arestasyon yo madi 10 me 2022 nan komin Limbé pou trafik ilegal dwòg. Otorite yo rive dekouvri nan machin sispek yo 352 kilo pay sèch ki sanble ak marigwana, 35 mil 985 goud, ak 2 pistolè Taurus 9 milimèt ki pou […]Lire plus...

Liberasyon diplomat dominiken Carlitin Guillen Tatis

Jounal dominiken Diario Libre fè konnen mèkredi 4 me sa a nan yon atik ke diplomat dominiken Carlitin Guillén Tatis libere apre li te pase 4 jou nan men bandi 400 mawozo yo. Minis afè etranjè dominiken an, Roberto Álvarez, konfime enfòmasyon an. Daprè enfòmasyon yo,diplomat la te kidnape nan komin Croix-des-Bouquets, yon zòn kontrole […]Lire plus...

Lidè 400 Mawozo yo « Yonyon » ekstrade Ozetazini

Âpre l fin pase 8 âne nan penitansye nasyonal. Germine Joly alyas « Yonyon » yon chèf gang pwisan ekstrade nan peyi Etazini Amerik, madi sa a 3 me, 2022 abò yon avyon espesyal (FBI). Jistis Ameriken akize li pou konplo ak vyolasyon lwa Ameriken sou refòm kontwòl ekspòtasyon ak kontrebann e kont ranson Sitwayen Ameriken yo. […]Lire plus...

Yon bato ki gen plis pase 70 000 barik gazolin

Biwo Monetizasyon Pwogram Asistans Devlopman yo (BMPAD) anonse nan yon nòt pou laprès ki pibliye vandredi 29 avril 2022 la, ke « Bato MIT ALPINE MATHILDE ALPIN la kounye rive nan pò Pòtoprens jan li te planifye a, ak yon kago 72,500 barik gazolin. » Li pral waf nan tèminal Thor a pou dechaje kèk nan […]Lire plus...

Asasina etidyan 5yèm ane medikal Osny Zidor

Etidyan 5yèm ane nan FMP la, Osny Zidor, pedi lavil ak yon bal nan tèt nan Bois Verna samdi 23 avril 2022 an pa bandi kite abò motosiklèt. Bandi yo te louvri katouch sou yon minibis kote elèv la te ye. A remake ke jèn Osny zidor, te etidye nan Ecole Normale Supérieure la tou, […]Lire plus...

Léger Boyer, yon Kad DGI asasinen nan Delmas 83

Bandi ak zam asasinen Léger Boyer nan Delmas 83, pandan yon tantativ kidnapin, lendi 24 avril 2022. Li te gen 32 an. Léger Boyer, orijin Arniquet, yon vil nan depatman Sid, se te yon kad nan Direksyon Jeneral Taks (DGI). Li te etidye Syans Kontablite nan Enstiti Nasyonal Jesyon ak Etid Entènasyonal Avanse (INAGHEI). Li […]Lire plus...

Plizyè santèn fanmi chape anba vyolans gang yo

Moun ki deplase yo kouri met deyò akoz eklatman ant gwoup ame 400 Mawozo ak gang rival Chen Mechan, k ap goumen pou kontwòl teritwa a nan katye Croix-des-Bouquets, Croix-des-Mission, Butte Boyer ak Bon Repos. Nan jou ki sot pase yo, plizyè santèn fanmi ayisyen kouri kite vyolans ant gang ame nan Pòtoprens, yo pran […]Lire plus...

Contact Us