Redaktè Jounal

Nèg ak zam boule 3 moun nan yon menm fanmi

Maten samdi 20 Dawout 2022 a, nèg ak zam moun pa rive idantifye touye epi mete dife sou yon machin prive ki te gen anviwon 3 fanm anndan l. Yon manman ak 2 pitit fi l. Sardjie ak Sherwood Sondjie Desanclos se non 2 medam sa yo bandi boule ak tout manman yo. Selon enfòmasyon […]Lire plus...

Gantye, 2 alye 400 mawozo bwè dlo bouch yo

2 bandi ki idantifye kòm manm gwoup gang 400 mawozo mouri nan echanj kout zam ak Lapolis Nasyonal Dayiti yè vandredi 19 Dawout 2022 a nan komin Grantye, nan zòn Kafou Bwen. Mesye yo t ap twoke kòn yo ak polisye yo ki t ap mennen yon operasyon gason pa kanpe nan zòn nan, lè […]Lire plus...

400 mawozo kontinye pran gwo frap

Mackenson Pierre ki gen 18 lane ak Réginald Charles, 34 lane se non 2 endividi PNH la arete Ench ak Mibalè pou enplikasyon prezime yo nan zak malonèt. Arestasyon sa yo fèt mèkredi 17 Out la nan aswè. Mackenson akize kòm moun ki konn vòlò moto ak lòt zak ankò e Réginald bò kote pa […]Lire plus...

Leyogàn, lajistis vle libere yon kadejakè

Fanmi ti fi 12 lane Aquine Délice te vyole nan Leyogàn nan denonse yon konplo k ap manniganse nan aparèy jidisyè a nan komin nan pou libere prezime kadejakè a. Aquine Délice te jwenn arestasyon l lendi 15 dawout 2022 a. N ap raple viktim nan ansent 8 mwa e daprè paran l gwosès sa […]Lire plus...

Nèg ak zam touye yon pasyan Lopital Kafou

Daprè sa Medsen San Fwontyè rapòte, dimanch 14 Dawout pase a gen yon ekip nèg ak gwo zam fann fwa ki antre nan lopital Raoul Pierre-Louis nan Kafou epi leve yon pasyan ale avè l. Daprè enfòmasyon responsab MSF yo bay, pasyan an t ap resevwa swen lè bandi yo antre anndan lopital la, leve […]Lire plus...

Contact Us