Redaktè Jounal

A 41 lane, yon kansè fini ak doktè Odilet Lespérance

Nouvèl la tonbe jounen lendi 29 dawout 2022 a. Doktè Odilet Lespérance, jèn jinekològ-obstetrisyen, bay vag ak lavi akoz yon kansè nan sèvo. Jenn medsen 41 lane a te Sekretè Jeneral Rezo Ayisyen Jounalis Sante yo (RHJS). Se pwòch espesyalis la ki konfime nouvèl la jodi a. Sa ki mete anpil zanmi ak senpatisan doktè […]Lire plus...

Lapli ak Loraj ap fè dega nan peyi Dayiti

Yon moun sòti blese, anviwon 2000 kay pase anba dlo, plis pase 10 000 moun sinistre, se bilan pwovizwa gwo lapli ki tonbe nan vil Sen Mak samdi 27 Dawout la nan aswè. Nan vil Jakmèl, yon jenn gason 21 lane mouri aprè yon loraj fin tonbe. Lapli ki tonbe dènye jou sa yo pou […]Lire plus...

Lis viktim yo ap agrandi nan komin Taba

Yo dekouvri kadav 2 jenn gason nan Taba 27 ap benyen nan san yo samdi 27 Dawout 2022 a nan aswè. Selon enfòmasyon yo, se yon ekip jenn gason ki t ap sikile nan yon machin Vitara ki ta louvri kout zam sou yo nan zòn Kan Akra. Nan menm semèn nan, sa fè 2 […]Lire plus...

Kowona touye 1 milyon moun pou ane 2022 a

Depi ane 2022 a kòmanse, gen anviwon 1 milyon kretyen vivan ki fè vwèl pou peyi san chapo daprè direktè Jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante a, Tedros Adhanom Ghebreyesus. Daprè sa TF1 rapòte, nimewo 1 OMS la fè konnen, se pou gouvènman yo kontinye vaksinen moun yo pou jwenn bout epidemi sa a. Depi lè l […]Lire plus...

DCPJ libere 3 otaj ki te nan men bandi

Evania Noël ki te kidnape 24 dawout pase a nan Bon Repo, Raymond Emma, 24 dawout nan Klèsin ak Ferdinand Edson nèg ak zam te leve nan Kabarè 15 Dawout 2022 a jwenn liberasyon yo samdi 27 Dawout la gras ak dilijans Lapolis. DCPJ ak BRI te mete ansanm pou mennen operasyon sa a. Pandan […]Lire plus...

DCPJ mare yon ansyen sibstiti komisè gouvènman

Souverain Vérissaint se non yon sibstiti komisè Gouvènman DCPJ mete yon kote pou machin pa frape l jounen vandredi 26 Dawout 2022. Mèt souverain anba kòd poutèt li te lage yon gwo bandi nan Savyen ki fè pati baz Gran Grif. Komisè a te libere Techelot Frinot 18 jiyè 2022 aprè Lapolis te fin arete […]Lire plus...

Contact Us