Redaktè Jounal

Yon sitwayen dominiken anba kòd ak 9 paspò ayisyen nan

Polisye CESFONT yo arete Jhon Morelis Alcántara Montero ayè jedi 24 dawout la nan Elias Pinas, nan Sidwès Repiblik Dominikèn. Ajan yo jwenn li avèk 9 paspò ayisyen nan men l. Non ayisyen sa yo se Maranatha Pierre, Renald Exantus, Barathelemy Deshommes, Gertha Claircidor, Jacques Taphena, Andremene Payen, Ricardo Fleurvil Cundumi, Bety Gaston ak Michelle […]Lire plus...

Peyi Kenya sanble plis kanpe sou foulay

Delegasyon peyi Kenya a ki te vin evalye tèren an pa ofri gwo bagay ak gouvènman, Lapolis e kò diplomatik la. Fòs ki ta dwe vini an, daprè sa Miami Herald di pandan l ap site yon sous diplomatik, se pou pwoteje enfrastrikti etranje yo, Pò ak Ayewopò nou yo men pa pou batay kont […]Lire plus...

PNH, DDO Lwès-2 gen yon nouvo Direktè

Anba lòd Direktè Jeneral Lapolis la ki se Frantz ElbĂ©, yon nouvo Direktè a.i pran plas nan tèt Direksyon Depatmantal Lwès-2 kò polis la. Se Roger Larmatinière ki ranplase Clevens Cetoute. Clevens Cetoute transfere nan depatman Nòdwès kòm nouvo Direktè Depatmantal. Daprè sa otorite nan polis la di, chanjman sa yo antre nan kad redinamizasyon […]Lire plus...

Chèf Gwoup Wagner a mouri nan yon aksidan avyon

EvguĂ©ni Prigojine fè pati 10 moun ki pèdi lavi yo jounen mèkredi 23 dawout la nan yon djèt prive ki fè krach nan Nò Moskou, kapital peyi Larisi. Si avan te gen dout sou nouvèl lanmò patwon Gwoup paramilitè Wagner a, otorite ayeryèn peyi Larisi konfime enfòmasyon an pou Laprès. Prigojine pa vivan ankò. Mwa […]Lire plus...

Tanpèt twopikal Franklin gen yon je l sou Ayiti

Si n kwè dènye bilten Pwoteksyon Sivil mete deyò a, yo fè konnen tanpèt twopikal Franklin ap travèse lanmè Karayib la e an menm tan, li Sen Domeng tou kote gwo lapli kòmanse tonbe. Gen kèk rejyon nan peyi d Ayiti ki tanmen resevwa kèk kout lapli pou jodi madi 22 dawout la. Alèt jòn […]Lire plus...

Contact Us