Jour : <span>4 janvier 2023</span>

Yon nonm arete aprè yo jwenn li pote yon zam

Sa pase nan vil Nouyòk nan peyi Etazini nan ayewopò entènasyonal John Fitz G. Kennedy. Ajan serikite yo dekouvri yon zam semi otomatik anndan 2 bokal manba kote sitwayen an te demoute zam nan epi foure yo a. Misye t ap sòti Rhode Island lè yo rive dekouvri materyèl la kote l te kache yo […]Lire plus...

Chèf gang 400 egare nan Mayisad anba kòd

Mondestin Augustin se non prensipal chèf gang k ap dirije baz 400 egare nan komin Mayisad. Lapolis arete l dimanch 1e janvye 2023 a nan komin Sen Rafayèl. Dezyèm chèf baz sa a se Guersly aprèsa gen Widnal, Kervenson, DJ Cherwing ak Bebeto kòm toutè. Mesye gen ti fanm yo tou daprè Lapolis ki site […]Lire plus...

Pakè Pòtoprens entèdi pastè Armel Lafleur kite peyi a

Paske li t ap fè jès ti zonnay sou pwòp pitit fi l an piblik, pastè Legliz « Porte Étroite » la te jwenn envitasyon pakè Pòtoprens, envitasyon li boude jodi mèkredi a. An menm tan, mèt Jacques Lafontant ekri sèvis imigrasyon pou entèdi pastè a kite peyi a pa vwa tèrès, maritim oubyen ayeryèn jiska nouvèl […]Lire plus...

Lapolis manyen manm yon bra dwat Ti Makak

Maçon Silencieux se non yon bandi ki t ap opere nan gang Ti Makak la Lapolis rive retire lavi l. Zak sa pase jounen madi 3 janvye a pandan Lapolis t ap tire ak mesye yo. Maçon Silencieux te konn fè kidnaping nan Laboul ak Tomasen. Gen 3 lòt bandi ki tonbe nan menm atak […]Lire plus...

Contact Us