2 gòl a zewo: youn pou Carvajal, youn pou Vinicius, se sou eskò sa a Real Madrid bat Borussia Dortmund nan final Lig Chanpyon yo sezon sa a. Viktwa sa a pèmèt Real Madrid ranpòte 15e Lig Chanpyon li. Jude Bellingham pwofite ranpòte premye Lig Chanpyon l fas ak ansyen ekip li e an menm […]Lire plus...
Tankou jan sa te anonse, premye minis Garry Conille debake nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti jounen samdi 1 jwen 2024 la. Se gwo dispozitif sekirite ki te tabli ak yon kòtèj flanbannèf ki te la pou akeyi nouvo premye minis la ki pral jere tranzisyon an bò kote Konsèy Prezidansyèl la. Garry Conille deja pwomèt […]Lire plus...
Se gouvènman ameriken an menm ki te rele Vitelòm nan telefòn, daprè CNN pou mande l ede yo jwenn kadav Nathalie ak Davy Lloyd nan Plèn nan. Daprè sa Vitelòm deklare bay medya ameriken, li di li te fè tout sa l kapab pou pale ak nèg ki kontwole Lizon yo pou yo te ka […]Lire plus...
Ansyen Prezidan Ameriken ki kandida pou pwochèn eleksyon yo nan peyi Etazini deklare koupab de 34 chèf akizasyon pandan pwosè li a nan Nouyòk. Donald Trump se premye kandida pou prezidan Etazini ki melanje nan gwo eskandal sa yo alòske li nan mitan yon kanpay elektoral. Donald Trump deklare se yon pwosè ki pa kòrèk […]Lire plus...
Arete ak tout pwosè vèbal ki konfime Garry Conille se premye minis peyi d Ayiti a pibliye jodi jedi a nan jounal ofisyèl peyi a. Nan wikenn sa a menm, gouvènman an ta dwe fòme yon fason pou l ka enstale lendi k ap vini la a. Gary Conille remèt demisyon l kòm Direktè UNICEF […]Lire plus...
Depi anviwon 5 jou, te gen gwo kè kase lakay anpil moun ki gen kont USCIS, sitou sila yo ki nan pwogram Biden nan. Tout moun ki te fè aplikasyon pat ka wè yo. Daprè ekspè yo, se te yon pwoblèm teknik ki te genyen sou sit la. Tout moun ki t ap sèvi ak […]Lire plus...
William Ruto di li kontan nominasyon doktè Garry Conille kòm premye minis peyi d Ayiti. Nan yon mesaj li ekri sou kont X li, premye sitwayen peyi Kenya a di li pa ka tann pou l travay men nan men ak nouvo gouvènman an pou remete Ayiti sou wout pwogrè. Li ajoute pou l di: […]Lire plus...
Nan blòk ri Dèkazèn, anba lavil la, 3 anplwaye Meri Pòtoprens sòti blese anba bal pandan yo t ap rann yo nan zòn BRH daprè sa nou aprann. Sa pase nan mitan jounen mèkredi 29 me a. Pami blese yo ki te nan yon machin Meri a, gen madan Volmar ki se chèf sèvis vwari […]Lire plus...
Konsènan zafè 2000 polisye ayisyen ki dwe al pran fòmasyon nan peyi Kenya yo, Leslie Voltaire di se manti. Li deklare se pa laverite medya peyi Kenya yo ap bay, pa gen dosye konsa ki pale. Bò kote pa l, wo grade PNH la di yo pa okouran de zafè sa a nonplis. Se yon […]Lire plus...
Dennis Bruce Hankins ki se anbasadè ameriken nan peyi d Ayiti deklare se swa bandi yo al nan prizon oubyen y al nan simetyè. Li fè deklarasyon sa a sou radyo Metwopòl maten madi 28 me a. Daprè anbasadè a, fanmi 2 misyonè ameriken yo ap jwenn jistis vle pa vle. Anbasadè a pwomèt tout […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]