“Ala dous kouri t ap dous si pat gen bouke”, se deklarasyon sa a premye minis Garry Conille fè pandan l t ap fè yon entèvansyon ayè madi 25 jwen an. Li pwofite mande tout gang yo pou yo depoze zam yo paske wè pa wè sekirite pral retabli nan kat kwen peyi a. Premye […]Lire plus...
Daprè yon ekriven ameriken ki se yon chèchè tou ki rele Jake Johnston, chak ofisye kenyan ki deplwaye nan peyi d Ayiti pral resevwa ant 1100 pou rive 1500 dola ameriken chak mwa pandan y ap toujou resevwa salè yo konn touche nan peyi yo. Se yon polisye kenyan ki bay ekriven ameriken an enfòmasyon […]Lire plus...
Se DCPJ ki debake epi fouke yo aprè yo tap tante libere yon bandi Lapolis petyonvil te arete. Métellus Jean Élie, 33e pwomosyon, Garçnet Frédéric, 31e pwomosyon, César Raphaël Jean, 28e pwomosyon, Pierre Grégory, 32e pwomosyon ak Jean Sanel alyas “Mik Mik” anba kòd Madi 25 jwen an nan komisarya Petyonvil. 5 zam manch long […]Lire plus...
Minis Zafè Etranjè peyi d Ayiti a, Dominique Dupuy ekri ULCC yon lèt pou mande l mennen yon ankèt apwofondi sou operasyon biwo santral Ministè sa a avèk misyon diplomatik yo. Ankèt sa a ap kouvri peryòd 2021 pou rive 2024, sa vle di peryòd Ariel Henry te sou pouvwa a. Kòmanse gen anpil plenyen […]Lire plus...
Li te 9è 20 konsa nan maten lè premye kontenjan 400 polisye Kenyan ki abiye an vèt oliv debake nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti a madi 25 jwen 2024 la. Se yon avyon Kenya Airways ki pote yo vini. Se anviwon 2500 ofisye etranje k ap gen pou rive nan peyi a pou vin konbat […]Lire plus...
Premye jès prezidan William Ruto te fè se remèt polisye sa yo drapo peyi yo a. Kèk èdtan aprè seremoni an, premye gwoup 400 polisye sa yo pran avyon pou antre Ayiti. Se Enspektè Prensipal polis kenyan an, Godfrey Otunge k ap pran tèt Misyon Miltinasyonal sa a nan peyi d Ayiti daprè otorite kenyan […]Lire plus...
Josué Dahomey ki reprezante Ayiti an Frans, Wedelyne Pierre ki Chili, Euvrard Saint Amand Wayòm Ini, Jesse Jean ki Bèljik, Justin Viard Jenèv, Josué Jean ki Mawòk, Roody Stanley Penn anbasadè Ayiti nan peyi Taywann, Vibert Bélizaire an Ajantin, Lesly Benoît nan peyi Vietnam, Luc Harvey Jean Pierre ki Sen Domeng ak lòt ankò. Premye […]Lire plus...
Gwo eskonbrit pete nan Lise Fimen nan Pòtoprens pandan jounen lendi 24 jwen 2024 la. Elèv Lise yo al tonbe sou 2 elèv parèy yo k ap fè masisi ak inifòm lekòl la sou yo. Elèv yo te vle pran masisi sa yo pou touye yo, yo te menm ap egzije Direktè lekòl la pou […]Lire plus...
Chèf gang Jimmy Chérisier, alyas Babekyou ki se pòt vwa kowalisyon Viv Ansanm mande pou gouvènman Garry Conille an chita avèk yo. Babekyou di yo pare pou yo antre nan koki yo, kite peyi a fonksyone men pou sa fèt fòk yo chita dyaloge avèk yo. Depi aprè lanmò 3 polisye UTAG yo, Babekyou prèske […]Lire plus...
Daprè yon gwo chèf nan Ministè Defans peyi Kenya ki pale nan mikwo AFP, twoup Kenyan yo ap kite peyi Kenya madi 25 jwen 2024 la. Enfòmasyon yo fè kwè premye gwoup sa a ap debake Pòtoprens menm jou a. Sèlman, otorite nan peyi d Ayiti poko fè okenn deklarasyon sou dosye a. Daprè yo […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]