Administrasyon Biden nan pimpe 70 migran ayisyen tounen Ayiti. Se nan Ayewopò Okap la avyon an depoze yo jounen mèkredi 4 desanm 2024 la. Migran sa yo te nan sitiyasyon iregilyè nan peyi meriken e yo pat ka sipòte yo kidonk imigrasyon amerikèn depòte yo. Dènye jou sa yo, Etazini depòte anpil ayisyen. Sitiyasyon sa […]Lire plus...
Zòn sa yo leve anba anpil katouch maten lendi 2 desanm 2024 la: Kafou Dwouya (blòk 3 men), Kafou Ayewopò, Laplèn, Nazon, Kay Kòlèt, zòn Dèlma 30 pou n site sa yo ase. Bri katouch yo pa kanpe e gen nan divès zòn se depi yèswa sa konsa. Pa gen pèsonn ki konnen nan ki […]Lire plus...
Hunter Biden ki te gen dosye zam ilegal sou do l ak fwod fiskal pa nan petren ak lajistis amerikèn ankò. Kèk semèn avan li kite Mezon Blanch lan, Joe Biden fè pitit li a gras. Nan yon kominike prezidan an mete deyò, li di akizasyon ki tonbe sou do pitit gason l lan gen […]Lire plus...
Dram sa a pase nan vil Azua an Repiblik Dominikèn kote 26 resòtisan ayisyen pami yo 2 ti moun te viktim anpwazonman aprè yo fin bwè yon pake ji. Moun sa yo t ap travay nan yon jaden zonyon selon detay ki bay, yo t ap vomi anpil e yo te enkonsyan. Selon Direktè Lopital […]Lire plus...
Lafleur Marie Emmanuella ki fèt nan lane 1991 pèdi lavi l britalman nan ang ri Kamo ak ri Kapwa nan Pòtoprens samdi 30 novanm 2024 la. Ensidan sa a pase pandan bis la t ap sòti Kafou pou antre Pòtoprens. Viktim nan pran yon bal nan do, li mouri andedan bis la sou ban kote […]Lire plus...
SWAT ak UTAG fè yon pote boure nan komin Gresye vendredi 29 novanm 2024 la e yo blayi anpil bandi antè. Pami zèfèyis ki al jwenn bawon yo gen Ti Blan ak Ti Miguel. Gen yon lòt ki rele Ti John y ap chache yo poko ka jwenn li. Pandan operasyon sa a, gen anpil […]Lire plus...
Misyon Miltinasyonal la mete yon baz avanse nan Enspeksyon Jeneral PNH la ki te abandone depi plizyè mwa aprè gang ak sapat yo te fin mete yo deyò. Sit sa a ki twouve l pa twò lwen baz CIMO a ak Direksyon Santral Polis Woutyè vini yon pwen estratejik pou Lapolis ak kenyan yo kontinye […]Lire plus...
Ekip Liverpool la genyen Real Madrid 2 gòl a zewo nan Lig Chanpyon yo jodi a. Yon match kote Real Madrid te gen anpil okazyon gòl men malerezman finisyon yo pat bon. Madrilèn yo pat ka reziste fas ak klèb anglè a ki te monte anpil sou yo pandan tout match la. Kylian Mbappé rate […]Lire plus...
Plizyè anpwalye Nasyon Zini kite vil Pòtoprens sou lòd òganizasyon an nan elikoptè. Elikoptè mete yo Okap e se la yo pran avyon pou rantre lakay yo. Nasyon Zini di se akoz vyolans ki gen nan peyi a yo pran mezi sa a. Yo toujou mete pwoblèm ensekirite a devan pou yo fè sa tandiske […]Lire plus...
SDPJ Sidès nan tèt kole ak UDMO mete anba kòd Mirlande Dor ayè lendi 25 novanm nan nan aswè akoz li fè similasyon kidnaping sou pwòp tèt li depi jedi 21 novanm 2024. Li menm ak mennaj li ki fè tèt li pase pou kidnapè te aranje yo pou mande fanmi an 10 mil dola […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]