Responsab SEMANAH yo fè kwè gen yon ti bato ki rele “Nono” bandi pran nan lanmè a ak 52 pasaje epi 6 maren ladan l. Moun sa yo t ap sòti sou zile Lagonav pou rann yo Akayè. Sa pase ayè vandredi 13 desanm 2024 la. Fanmi moun sa yo poko konn kisa yo devni. […]Lire plus...
Plizyè sous ki pwòch prezidan eli ameriken an, Donald Trump di laprès, li konte elimine lwa ki anpeche ajan imigrasyon yo antre legliz, lekòl, lopital ak lòt espas ki reyini moun pou arete migran yo. Depi premye jou manda li a, Trump prevwa anile politik sa a pou l ka lanse yon gwo operasyon depòtasyon […]Lire plus...
Lekòl nasyonal Horace Ethéard ki nan avni Poupla pase anba flanm dife maten vandredi 13 desanm 2024 la. Se vakabon ak zam ki nan viv ansanm yo ki fè aksyon sa a pandan yo t ap tire pasi pala. Sitiyasyon sa a lakoz rès lekòl ki nan perimèt sa a rete fèmen jodi a. Leta […]Lire plus...
Nan yon deklarasyon li fè ayè jedi 12 desanm 2024 la, premye minis Alix Didier Fils-Aimé pase DCPJ lòd pou l fè bon jan dosye epi pou l mare tout bandi k ap bay popilasyon an pwoblèm. Li fè konen fòk bandi yo ap jwenn sa yo merite e fòk moun ki viktim anba men […]Lire plus...
Aprè yon mwa depi li kanpe, Leta ayisyen annik anonse aktivite ap reprann nan ayewopò Tousen Louvèti. Pandan tan sa a tout moun konnen gwoup teworis yo te tire sou plizyè avyon nan yon sèl jou. San okenn rapò ankèt, san pyès moun pa konnen ki gwoup ki te dèyè zak malonèt sa e ki […]Lire plus...
Kèk jou aprè li fin elimine britalman anviwon 180 granmoun nan Waf Jeremi, Mikanò Altès mete yon bann rara deyò ayè mèkredi 11 desanm nan. “Gade yon Mikanò m gen nan bouda m”, se sa foul la t ap chante pandan y ap jwe mizik. Sa montre nan ki nivo chèf teworis sa yo gen […]Lire plus...
Ayiti gen yon nouvo anbasadè ki reprezante l an Repiblik Dominikèn, se Woodly Edson Louidor. Nan diplomasi a, gen anpil lòt nominasyon ki fèt tankou an Ajantin, Chili ak Lafrans. Lilas Desquiron reprezante Ayiti nan Unesco, Myrtha Desulmé li menm nan OEA. Lionel Delatour sou bò pa l, se nouvo anbasadè Ayiti nan Washington. Chak […]Lire plus...
Plizyè fanmi pèdi lavi yo, fanm kou gason e an menm tan plizyè ti moun anba bal kriminèl k ap opere nan Savyen nan lannwit madi 10 pou bout mèkredi 11 desanm 2024 la. Teworis yo antre anndan kay moun yo, yo maspinen fanm kou gason. Nan imaj k ap sikile yo, gen ti fi […]Lire plus...
Aprè anviwon yon mwa depi mèt peyi yo te vide bal sou plizyè avyon etranje, aktivite yo ap rekòmanse nan ayewopò Tousen Louvèti jounen mèkredi 11 desanm nan. Se minis Travay Piblik yo, Raphaël Hosty ki konfime sa. Menmsi Administrasyon Federal Aviyasyon ki nan Etazini poko leve sanksyon yo sou Ayiti men OFNAC ak MTPTC […]Lire plus...
Kylian Mbappé, Vinicius Junior ak Jude Bellingham bay Real Madrid viktwa a sou tèren Atalanta nan kad 6zyèm jounen lig chanpyon yo. 3 gòl a 2 sa a pèmèt poulen Ancelotti yo resisite tèt yo nan klasman an avan 2 lòt jounen ki rete yo. Kylian Mbappé te kite match la nan 33èm minit akoz […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]