Anviwon 7 jounalis blese anba bal teworis Viv Ansanm yo madi 24 desanm 2024 la pandan yo te la pou asiste seremoni relouvèti Lopital Jeneral la. Gen yon jounalis ki rele Jimmy ki ta mouri. Pami jounalis ki blese yo gen Petyon Robens, Réginald Baltazar, Miracle Velondie, Florise Deronvil, Jean Jack Aspèges, Jocelyn Justin ak […]Lire plus...
Prezidan eli ameriken an fè konnen sou pouvwa li a se 2 gwoup la rekonèt: mal ak femèl. Trump deklare zafè pou yon moun gen plizyè sèks oubyen transjan an, li p ap ka konsa. Donald Trump ajoute pou l di, depi premye jou li monte sou pouvwa a, l ap siyen yon dekrè prezidansyèl […]Lire plus...
Ajan dwanye yo nan tèt kole ak lapolis epi yon jij depè fouye yon bato nan Fòlibète pandan wikenn sa a. Yo jwenn plizyè fich pèman sou bato sa a men sa ki plis parèt komik la, kapitèn bato a chape poul li. Gen enfòmasyon ki fè kwè se pa premye fwa bato sa a […]Lire plus...
Mesye dam Akò 21 desanm ki se patizan Ariel Henry pete yon gwo deblozay nan youn nan sal konferans otèl El Rancho yo pandan yon reyinyon ayè samdi 21 desanm 2024 lan. Batay la pete paske gen yon gwoup ki dakò pou Gérald Gilles ale e gen yon lòt gwoup ki pa dakò. Anpil kout […]Lire plus...
Kèk nan migran Ayisyen sa yo, se Gad Kot ameriken ki te arete yo sou lanmè Pòtoriko, epi voye yo Tekzas, Louisiana epi depòte yo Ayiti. Yo debake avèk yo nan ayewopò Kap Ayisyen an vandredi kite20 desanm 2024 la. Majorite nan moun sa yo pa gen pyès fanmi Okap e gen ladan yo ki […]Lire plus...
Direksyon Santral Polis Administrativ ekri tout direktè depatmantal Lwès 1 ak 2 yo konsènan yon seri atak bandi yo planifye pou tout zòn metwopolitèn nan pandan wikenn sa a. Enspektè Alain Auguste ekri responsab GIPNH, CIMO, CBIM, POLIFRONT, CEP, DCPR, UTAG, DCPR, USPM elatriye pou mande tout polisye rete sou 2 pye militè yo, pa […]Lire plus...
Depi blòk 11è nan maten jounen vandredi 20 desanm nan, chen mechan ak alye l yo deside atake baz BIM nan ki twouve l Klèsin. Pou reponn atak sa a, ajan BIM yo mete tèt ak komisè k ap jere baz la mete pye yo atè, yo demantibile anpil malfra anba katouch. Selon temwanyaj yo, […]Lire plus...
Semèn pase a, American Airlines te di l ap rekòmanse fè vwayaj Ayiti nan fen lane 2025. Ayè jedi kite 19 desanm nan, JetBlue bay randevou pou 30 avril 2025. Yon lòt kalòt marasa pou Leta ayisyen ki te anonse ayewopò a t ap relouvri e tout vòl yo t ap redemare. Spirit poko di […]Lire plus...
Wilfride Siné alyas “Ti Rach” tonbe anba bal ekip komisè Muscadin an nan yon lokalite ki rele Deksya nan vil Okay. Ti Rach t ap sòti Bomon nan Grandans pou l te antre Pòtoprens ayè jedi 19 desanm nan e se nan menm moman sa a komisè a ta pral kwaze avèk li. Daprè chèf […]Lire plus...
Ka sa yo repete sitou nan vil pwovens yo, anpil biwo transfè pa gen ni goud ni dola pou bay kliyan yo lajan fanmi yo voye pou yo. Nan vil Tigwàv pa egzanp, pwoblèm sa poze anpil paske lajan manke sikile. Gen kote menm nan anviwon Pòtoprens, ata lajan moncash moun paka jwenn nan yon […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]