Lokal radyo ak televizyon Karayib la ki twouve l nan ri Chavàn Pòtoprens pase anba flanm dife. Se teworis kriminèl Viv Ansanm yo ki mete dife nan lokal radyo a nan sware mèkredi 12 pou bout jedi 13 mas 2025 lan. Yon enfòmasyon PDG radyo a, Patrick Moussignac konfime pou laprès. N ap raple depi […]Lire plus...
Sèvis imigrasyon ameriken arete Wilbert Jean-Baptiste ki te sove nan prizon nan peyi d Ayiti nan mwa mas 2024, nan moman Izo te voye kriminèl parèy li yo al kraze penitansye nasyonal. Se nan Eta Massachusetts yo fouke towo sa a, selon otorite amerikèn yo. Wilbert te nan prizon an Ayiti pou asasina ak lòt […]Lire plus...
Real Madrid kalifye pou kadefinal Lig Chanpyon yo sezon sa a aprè li fin mete do Athletico Madrid atè nan seyans penalite aprè 120 minit. Nan tan reglemantè yo, Athletico te bat merenge yo 1 gòl a zewo sa ki te fè seri a vin 2 a 2. Malgre anpil soufrans, Real rive fè sa […]Lire plus...
Konpayi ayeryèn Aruba Airlines anonse li pral kòmanse fè vwayaj Pòtoprens/Miami apati 28 mas 2025 k ap pwoche la a. Konpayi a ap fè trajè sòti ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti pou rive Miami pandan konpayi ayeryèn amerikèn yo gen entèdiksyon pou vini Pòtoprens. Aruba Airlines fè konnen y ap ofri kliyan yo yon mwayen ki […]Lire plus...
Doktè Laurent Beaugé, ansyen sekretè d Eta Popilasyon pèdi lavi l nan Dèlma 31 jounen madi 11 mas 2025 lan. Endividi ak zam moun pa rive idantifye blayi medsen an atè ti kras avan midi, selon sa kèk temwen rapòte. Depi plizyè semèn komin Dèlma tounen yon kote ki konte kadav prèske chak jou.Lire plus...
Administrasyon Trump lan lanse yon aplikasyon ki pote non “CPB Home”. Aplikasyon sa a lanse pou migran ki ilegal yo kapab ranpli fòmalite pou yo ka depòte tèt yo. Se responsab Depatman Sekirite Enteryè a, Kristi Noem ki anonse nouvèl sa ayè lendi 10 mas 2025 lan. Administrasyon Trump lan ap pran tout mezi nesesè […]Lire plus...
Anpil alèt ap lanse sou rezo yo paske gen plizyè moun ki viktim anba mòn Kabrit pandan jounen lendi 10 mas 2025 lan. Bandi yo fè majorite ti bis ki fè wout la vire antre nan yon raje, yo fouye pasaje yo, fouye telefòn yo pou yo ka wè kiyès yo ye e ki kote […]Lire plus...
Jounen dimanch 9 mas 2025 lan, plizyè bwat katouch sezi nan komin Mibalè, 2 zam manch long sezi tou sou wout nasyonal nimewo 3 a. 2 nan 4 nèg ki te nan ti bis sa a pase anba kòlè manm popilasyon an men avan yo mouri, yo deklare se Dèlma 75 yo ta prale. Ti […]Lire plus...
Gen plizyè ti sòlda ki pa vle pran lari pou al fè atak paske yo pè pou dwon pa tonbe sou tèt yo. Sa lakoz plizyè chèf gang ap fè presyon sou ti bandi yo. Chen Mechan sou bò pa l nan gwo eskonbrit ak anpil ti sòlda e genyen li deja dezame selon enfòmasyon […]Lire plus...
Lapolis lage anviwon 5 dwon kamikaz nan fen jounen vandredi 7 mas 2025 lan nan zòn sa yo: Bèlè, Dèlma 6, Waf Jeremi, Solino elatriye. Gen anpil plenyen nan mitan kriminèl yo paske gen yon pakèt asasen ki al jwenn bawon san bliye anpil lòt ki blese ak men epi pye koupe. Manm popilasyon sivil […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com