Abitan nan komin Vèrèt konnen yon move moman nan lannwit mèkredi pou bout jedi maten 9 fevriye a kote bandi Savyen yo debake e touye 7 moun, blese yon dizèn lòt ak katouch e yo kindnape moun tou. Zak sa a rive aprè yon Brigad Vèrèt fin kenbe 3 jenn gason sou yon moto ki […]Lire plus...
Bandi Savyen yo atake moun Lyankou pou yon lòt fwa jodi madi 7 fevriye 2023 a, daprè kèk rivren nan zòn nan, bandi yo ap tire nan tout direksyon. Toujou selon sa kèk temwen pataje ak redaksyon Haïti News, plizyè moun pran bal e gen lòt ki menm mouri. Prezans Lapolis ki ta nesesè men […]Lire plus...
Anlèvman ak sekestrasyon pou lajan, asasina, tantativ asasina, vyòl, vòl ak zam nan men, vòl machin, destriksyon byen pou n site sa yo ase, se ansanm akizasyon sa yo PNH la kenbe kont chèf gang baz Kraze Baryè a ki se Vithel’Homme Innocent. Pou sa, yo mete 10 milyon goud sou tèt misye pou nenpòt […]Lire plus...
Mackenzie Jacques se non polisye sa a ki enstale kòm nouvo komisè prensipal komisarya Petyonvil la. Li ranplase nan pòs sa a komisè Jean Louis Aladin. Se menm komisè Aladin sa a polisye yo te kritike e menm bouskile nan komisarya a poutèt, daprè sa yo repwoche l, pat asiste a tan polisye ki te […]Lire plus...
Jounalis radyo Vision 2000 la, Jean Thony Lorthé te kite Pòtoprens nan yon Nissan Patrol pou rann li nan komin Kafou. Li ta pral patisipe nan fineray yon bèlsè li ki fèt jodi samdi 4 fevriye a. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, se pa Boutilye li te pase ak kèk lòt moun akonpanye l. Depi […]Lire plus...
Sébastien Carrière ki se anbasadè peyi Kanada nan peyi d Ayiti enfòme gen yon avyon militè kanadyen ki rele Aurora k ap siyone syèl peyi d Ayiti. Daprè sa anbasadè a enfòme sou kont tweeter li, li anonse vizit sa a se yon mannyè pou bay bakòp ak PNH la nan ranfòsman sekirite peyi d […]Lire plus...
Doktè Jeune Vierge Arthy nan men bandi ki kontinye ap teworize popilasyon an. Nèg ak zam yo leve bonè nan maten pandan l pral nan biwo l sou Frè a nan zòn 8 a 8 makèt aprè sa yo kite machin li nan menm blòk la. Doktè Vierge se direkris Pavillon l’Age d’Or. Nan kòmansman […]Lire plus...
Ayisyen ak kiben ki valide pou antre Etazini nan kad pwogram imanitè prezidan Joe Biden nan ap benefisye 400 dola chak mwa pou rive 8 mwa. Se sèlman ayisyen ak kiben k ap jwi privilèj sa a. Se “l’Office of Refugee Resettlement” (ORR) ki responsab pwogram sa a. Nikaragweyen ak venezyelyen yo poko elijib pou […]Lire plus...
Nan yon rapò li pibliye 31 janvye pase a, Transparency International klase Ayiti 171 sou 180 peyi a ki gen plis kòripsyon ladan l sou latè. Peyi d Ayiti pèdi 3 plas pa rapò ak ane 2021 an. Se peyi Somali ki twouve l an dènye pozisyon. Nan lane 2021, Ayiti te 164e nan klasman […]Lire plus...
Fo papye ki te nan men moun sa yo ki t ap tante ale Ozetazini an, se nan kad menm pwogram imanitè Biden nan. CBP pa rekonèt papye ki nan men moun sa yo paske yo pa anrejistre nan sistèm nan. Moun sa yo p ap janm ka ale Etazini ankò poutèt rezon sa a. […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]