Kèk sous ki pwòch gouvènman an fè konnen gen demach ki kòmanse fèt pou ekri kèk sektè anndan peyi a, pami yo ANMH pou voye yon manm nan Konsèy Elektoral Pwovizwa gouvènman an vle monte a. Gen anpil vwa ki kòmanse leve pou denonse demach sa a paske daprè yo, gouvènman sa a paka òganize […]Lire plus...
Jean Dickens Toussaint ak madanm li Abigaïl Toussaint bandi te kidnape 18 mas 2023 a sou Wout Matisan rejwenn libète yo. Daprè sa pwòch yo fè konnen, bandi yo libere koup la jodi jedi 13 avril la aprè prèske yon mwa yo pase nan men chèf gang nan. Se gwo mago lajan yo bay pou […]Lire plus...
Biwo Zafè Kriminèl ki anndan DCPJ, BLVV ak BRI, nan yon tèt kole poze lapat sou chofè John Joël Joseph la ki rele Prévot Mozart. Li konsidere kòm youn nan sispèk ki enplike nan asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la. Yo arete l madi 11 avril la nan Dèlma 41 paske l te deja gen […]Lire plus...
Anviwon 3 moun viktim de zak kidnaping maten mèkredi 12 avril la devan lekòl Mè Lali yo nan Ri Maslen. Pami moun sa yo gen yon elèv ak tout paran l. Endividi ki komèt zak sa a te twouve yo nan yon ti bis daprè temwen ki te sou plas. Anpil paran te deja ap […]Lire plus...
Komedyen ayisyen “Matyas dandò” twouve l pou kouwè l ye la a nan peyi Etazini. Anpil rimè fè konprann se nan pwogram Biden nan li vwayaje men se pa sa. Daprè anpil sous e ak moun atis la pale, li fè konnen se demand azil politik li te fè ki fè l twouve l kounye […]Lire plus...
Robert Dénis, Direktè Jeneral chèn televizyon prive Canal Bleu viktim de zak kidnaping. Bandi leve direktè a sou Wout Frè, pa twò lwen lopital Kominote Ayisyèn, daprè detay nou rive jwenn. Robert Dénis vin agrandi lis patwon medya ki kidnape an Ayiti. Nèg ak zam yo kontinye regle tout afè yo anba je swadizan otorite […]Lire plus...
Biwo Zafè Kriminèl ki anndan DCPJ arete jodi madi 11 avril la polisye Anderson Destin ki gen bon jan relasyon ak Johnson André alyas Izo k ap dirije Baz 5 segond anndan Vilaj de Dye. Polisye sa a sòti nan 26e pwomosyon PNH la e daprè DCPJ, misye gen bon jan relasyon ak chèf gang […]Lire plus...
Anplis de gazolin nan sitou k ap vann nan lari a tankou pate cho, kèk grenn ponp ki konn bay li, depi avan fèt Pak la, pa genyen l ankò. Anpil kote nan lari a, galon gazolin nan gentan retounen nan 2 500 goud ankò, sitou nan zòn metwopolitèn nan. Dosye gaz la se yon […]Lire plus...
Daprè sa yon wo fonksyonè nan gouvènman Ariel Henry a fè konnen, Ariel Henry pat janm pale ak okenn chèf nan Gwoup Wagner ni nonplis, li pat janm pale sou dosye ensekirite Ayiti ak Larisi. Gouvènman an prese fè deklarasyon sou dosye a pou l pa tonbe nan pwoblèm ak ameriken. Tout moun konnen malgre […]Lire plus...
3 bandi ki fè pati gwoup gang Ti Makak ap dirije nan wotè Petyon-Vil vale dlo dan yo jounen lendi 10 avril la nan Tomasen. Nan kad yon operasyon, malfra yo al tire sou polisye yo ki yo menm riposte e desann 3 nan bandi yo. Gen plizyè lòt ki sòti blese anba katouch lapolis […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]