Nan dezyèm atak Lapolis t al fè semèn sa a sou chèf gang Ti Makak nan Laboul, nan echanj kout zam ak ajan SWAT ak CIMO yo, li te resevwa yon bal nan lestomak daprè enfòmasyon nou dispoze. Aprè l fin blese a, mesye Ti Lapli yo te desann avèk li nan baz yo, daprè […]Lire plus...
Nan kad 13e edisyon somè entènasyonal sou finans, Gouvènè Bank Santral peyi d Ayiti, Jean Baden Dubois deklare san kè sote sistèm finansye peyi a anfòm, tout Bank yo gen likid, kredi yo ogmante. Pou Baden Dubois, bagay yo ale pi wo ke minimòm Bank Santral te mande a. Gouvènè a sanble pa okouran si […]Lire plus...
Plizyè dizèn bandi debake a pye, figi mare, zam nan men ap simen katouch devan dèyè nan Meyòt, komin Petyon-Vil. Gwo flanm dife ap monte sòti nan kèk kay ak machin. Anpil rezidan nan zòn nan tonbe nan kouri mèkredi 19 avril 2023 sa a. Atak sa a pa piti pa rapò ak kantite katouch […]Lire plus...
Kòmanse 9 me 2023 k ap vini la a, konpayi aeryèn American Airlines anonse li pral redwi vòl Miyami/Pòtoprens yo a yon grenn vòl pa jou. Konpayi a di li pran mezi sa a pou l kapab evalye rezo yo ak resous yo genyen disponib. Aprè sa, yo pral pati de 6 a 7 vòl […]Lire plus...
Depi youn nan moun sa yo gouvènman an pran desizyon pou pa kite antre nan peyi a foule tèritwa a, lapolis resevwa entriksyon pou arete yo e voye yo retounen Ayiti, pawòl direktè migrasyon Repiblik Dominikèn nan, Nelson Gutierres. Pou moman sa a, pa gen youn nan moun sa yo ki twouve yo an Dominikani […]Lire plus...
Daprè sa yon pwòch Jean Gonzales Diamison Théodore alyas “pwofèt Berger” fè konnen, li jwenn liberasyon l madi kite 11 avril 2023. Pwofèt la te arete samdi 14 janvye 2023 pou konplisite l ak gang nan rantre Sid Kapital la. Pwofèt la deja rejwenn fanmi l. Non pwofèt Berger te site ak gang Gran Ravin […]Lire plus...
Désilien Souffrant, 46 rekòt kafe anba men DCPJ aprè l fin planifye yon kidnaping sou pwòp tèt li. Pèsonaj la komèt aksyon sa a aprè patwon l te fin konfye l yon sòm lajan pou l te fè yon travay pou li. Plent kidnaping nan te al jwenn lapolis 10 avril e arestasyon an fèt […]Lire plus...
Pandan y ap tante al fè deblozay jodi lendi 17 avril la, yo annik fin travèse Fòjak bandi ak zam yo jwenn ak zo grann yo. Brigad Loten ki plase tou pre ansyen Sou-komisarya menm zòn sa a, wete lavi 3 prezime bandi ki fè pati gang Vithel’Homme ap dirije a. Daprè enfòmasyon nou dispoze, […]Lire plus...
Frantz Casimir alyas CP osinon Ti Dou jwenn arestasyon l ayè dimanch 16 avril la sou Channmas la, nan yon RAV4 ki gen plak AA79830. RAV4 sa a abitye fè kidnaping nan Ri Sen Onore, Lopital Jeneral, Ri Monseyè Guilloux elatriye. Frantz Casimir konn livre machandiz gang nan vòlè tou daprè rapò PNH la. Nan […]Lire plus...
Sou 8 jou, sa fè 4 polisye ki tonbe, 3 Tomasen e youn Kwadèboukè. Samuel François, se non jenn polisye sa a ki sòti nan 27e pwomosyon PNH la ki tonbe anba bal bandi dimanch 16 avril la nan zòn Dival, komin Kwadèboukè. Malfra yo asasine l pandan l sou wout pou ale nan travay […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]