Nan tèt kole ak popilasyon sivil la nan Debisi, anpil bandi pèdi lavi yo yè lendi 24 avril la. Mete sou sa, fòs lòd yo anonse tou yo sezi 4 zam gwo kalib ki te nan men endividi ame yo. Nan tout ravin ki gen nan zòn sa yo, Lapolis simen katouch e popilasyon an […]Lire plus...
Jij Jean Wilner Morin bay lòd pou yo arete aktyèl Direktris Kès Asistans Sosyal la madam Edwine Tonton. Jij la te gen randevou ak madam sa a jodi a ki gagote anpil lajan CAS daprè yon rapò ULCC pou l te ka tande l yon dezyèm fwa. N ap raple Pierre Richard Valles, ansyen kontab […]Lire plus...
Gary Desrosiers, pòt vwa Lapolis la konfime nan yon konferans pou Laprès jodi lendi 24 avril 2023 a, Ti Makak pa vivan ankò. Pòt pawòl polis la di se aprè yon atak Lapolis t al fè nan fyèf chèf gang nan ki lakoz li tonbe. Enfòmasyon Haïti News te deja bay. Aprè lanmò chèf gang […]Lire plus...
Ansyen premye minis Claude Joseph ekri konsèy minis peyi d Ayiti a pou l mande yo pran sanksyon kont 53 otorite an Repiblik Dominikèn. Li vini ak agiman pou di yo reprezante yon menas pou sekirite tèritwa peyi d Ayiti a. Pami moun li mande gouvènman an sanksyone yo gen prezidan dominiken, Luis Abinader. Claude […]Lire plus...
Depi yèswa, fòs lòd yo ap mennen yon operasyon gason pa kanpe nan baz Ti Makak la nan Laboul ak lokalite ki anviwonnen l yo. Anpil katouch tire, bandi tonbe e gen lòt ki mete van nan vwèl yo. Daprè Teriel Telus, se menm bandi sa yo ki te pase pa raje al sòti Petyon-Vil […]Lire plus...
Byen bonè maten lendi 24 avril la, anpil kout zam chante nan zòn Debisi, Kanapevè, Tijo pou n site sa yo ase. Kèk tan aprè, Lapolis dekouvri anviwon 14 jenn gason ap pase nan yon ti bis nan zòn komisarya Kanapevè a ak zam nan men yo, polisye yo bare yo. Popilasyon an fè fen […]Lire plus...
Nan yon tweet, Sendika Polis Nasyonal la (SYNAPOA) denonse Leta li di ki pa manifeste okenn volonte pran jere polisye yo. Ajan ki sòti nan 32e pwomosyon yo gen 5 mwa depi yo pa jwenn kat debi kò polis la dwe yo. Daprè SYNAPOA a, byennèt polisye yo pa respekte jan sa dwe ye. Se […]Lire plus...
Dosye sa a kite faz rimè a atò. Se tout bon vre, chèf gang Carlot Petit-Frère alyas Ti Makak bwè dlo bouch li. Lanmò malfra sa a fè swit ak dènye operasyon Lapolis te mennen nan Laboul ak Tomasen kote li te resevwa yon bal nan lestomak. N ap raple Ti Makak kontribye nan asasina […]Lire plus...
Fineray Pierre Paul Junior Dorcé, Robinson Nicolas ak Médaise Fortilien Claude chante nan legliz Sur le Rocher Dèlma maten vandredi 21 avril la. Anpil inite nan kò polis la te la e fanmi, zanmi ak pwòch paran te prezan pou asiste ak seremoni an. Polisye yo te tonbe sou chan batay dimanch 9 avril la […]Lire plus...
Gwo kout zam otomatik ap chante, moun ap kouri patou kote, sa k ap tonbe, sa k ap kriye se konsa sitiyasyon an ye aprè midi vandredi 21 avril la sòti Dyèg, pase nan Manding jis rive Jirado antre Pegivil. Kouri sa yo fè swit ak atak zago loray yo fè ankò sou moun Dyèg […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]