Pou evite dega yo plis toujou pa rapò ak kantite machin ki detounen deja, pou evite moun pran bal pandan Lapolis ap mennen batay kont gang yo sou zòn Matisan an, Sendika transpò ki reyini STTH, APCH ak FENATRATH mande tout chofè yo pa travèse Matisan apati demen lendi 15 me 2023 a. Daprè responsab […]Lire plus...
Eliezer Sori Rodríguez se non yon kiben otorite polisyè nan Sen Domeng arete pou trafik zam ak minisyon vandredi 12 me 2023. Li gen 51 lane e daprè medya dominiken yo, li fè pati yon rezo k ap achte zam voye nan peyi d Ayiti. Yo mete l nan yon avyon kòmèsyal pou voye l […]Lire plus...
Jimmy Gélin ki gen 32 rekòt kafe sou zo bwa tèt li jwenn arestasyon l lendi 8 me pase a nan komin Sen Rafayèl. Daprè enfòmasyon lapolis la bay, misye t al kache nan 3e seksyon kominal Sen Rafayèl ki rele Gouasimal e se la yo mete men sou li. Toujou daprè PNH la, Jimmy […]Lire plus...
4 jenn gason ki te nan yon ti bis ak 4 sak chaje ak katouch pase anba flanm dife jodi samdi 13 me a. Mesye sa yo, se lapolis ki te pran yo ak pil katouch yo e popilasyon an pat menm kite yo ale avèk yo, yo pase yo anba dife sou plas Gonayiv […]Lire plus...
Nan yon sikilè ki pote sinyati 7 direktè sèvis nan bwat la ak direktè jeneral la Jean Errold Morose, yo fè konnen yo pral revoke 60% moun k ap travay sou kontra nan EDH. Daprè sa yo fè konnen, se sèl mwayen k ap pèmèt yo redemare sèvis yo yon mannyè pou yo kapab satisfè […]Lire plus...
Daprè kèk temwen ki t ap swiv, plizyè grenn bandi tonbe anba bal, anpil lòt sòti blese. Depi vè 2è aprè midi jedi 11 me a, lapolis fè yon pote boure sou Matisan ak zòn 5e avni Bòlòs. Polisye yo tire anpil kout gaz lakrimojèn pou yo kapab mye jere zago loray yo. Sou tout […]Lire plus...
Yzope George’s ki bay tèt li non “bandi pou lavi” bwè dlo bouch li nan Depatman Nip peyi a ayè jedi 11 me 2023 a. Towo a te nan wout ap sòti Aken kote daprè enfòmasyon yo, li t ap sot renouvle pren l pou l vin batay ak Lapolis. Malchans pou li, l al […]Lire plus...
Nan yon seremoni ki òganize nan Pòtoprens, anbasadè Fabrice Mauriece fè Lapolis Nasyonal d Ayiti kado 17 moto pou kontinye, selon sa l di, konbat gang yo. Yon jès ki vekse anpil moun lè yo konsidere kalite moto sa yo pa reponn ak nivo travay polisye yo. Anpil peyi kontinye ap rizibe Ayiti ak pwoblèm […]Lire plus...
Arestasyon an fèt Dèlma 33 aprè midi madi 2 me 2023 a. Daprè yon konfrè Laprès, Direksyon Santral Jidisyè arete jounalis la sou Dèlma a san yo pa bay okenn motif sou sa. Yon ti tan aprè, li rejwenn libète l. N ap raple Esau César se kolaboratè Loucko Désir nan radyo Tele Eklè e […]Lire plus...
Moun Jalouzi, Sègo ak lòt lokalite ki avwazine yo kenbe anviwon 7 jenn gason ki se prezime bandi epi touye yo. Daprè manm popilasyon an, se yon seri nèg ki nan kache e se nan zòn sa yo y al sere. Plizyè santèn moun kanpe e pwofite mande tout machin k ap pase bese vit […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]