Martine Moïse mande nouvo prezidan ameriken an pou l debloke tout dokiman FBI ak Depatman d Eta ki gen pou wè ak asasina defen mari li. Li fè konnen, menm jan ak Donal Trump, Jovenel te angaje l nan yon batay kont kòripsyon e te gen yon kanpay ki t ap mennen kont li pou […]Lire plus...
Yon rafal kout bal pete nan divès kwen nan Petyonvil depi vè 2zè nan maten dimanch 9 fevriye 2025 sa a. Sòlda Vitelòm yo t ap tante anvayi Metivye ak Gwojan men polisye yo ak brigadye yo te sou men yo, yo blayi plizyè bandi atè. Meyòt, Dyèg, Boukan Lapli, Jirado, Doko, Metivye, Fòjak elatriye […]Lire plus...
Se bon pye “bra kiyè pa pè vrapè” ki sove l samdi 8 fevriye sa a li menm ak tout ekip li. Pandan y ap fè son pou y al mete cha kanaval yo deyò, Lapolis debake e louvri kout bal sou yo, polisye yo kraze tout estann ki te konstwi epi yo sezi yon […]Lire plus...
Yon tranbleman tè 7.6 sou echèl Richtè a frape lanmè Karayib la nan fen jounen samdi 8 fevriye 2025 lan vè 7è 23. Gougou goudou sa a lakoz gen menas sounami sou plizyè peyi a nan rejyon an tankou Ayiti, Kiba, Meksik, Jamayik ak Kostarika. Alèt sounami sa a konsène kèk peyi tankou Zile Kayiman, […]Lire plus...
Phanèse R. Laguerre ansyèn direktris Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè jwenn arestasyon l aprè jij enstriktè Martel Jean-Claude te fin tande l. Arestasyon sa a fè swit ak rapò ULCC a ki te akize madanm sa a de detounman lajan, pasasyon mache piblik dèyè do lalwa, enrichisman nan move kondisyon. Madanm sa a ak akolit li […]Lire plus...
Jij enstriktè Loubens Elysée bay lòd pou yo mare Jemley Marc Jean-Baptiste ayè vandredi 7 fevriye 2025 lan aprè li fin tande l nan kad dosye kòripsyon k ap brase bil ONA a. ULCC te mande pou fouke towo a ak ansyen minis afè sosyal Pierre Ricot Odney pou detounman 22 milyon 011 mil 664 […]Lire plus...
Komite kanaval nasyonal la pwopoze gouvènman ki la a yon bidjè 536 milyon goud, sa ki estime ak pliske 4 milyon dola vèt. Lajan sa a se pou komite a ka òganize kanaval Fòlibète nan kòmansman mwa mas 2025 k ap vini la a. Selon tout dènye enfòmasyon yo, leta pare pou dekese lajan sa […]Lire plus...
7 fevriye 2025 sa a fè 39 lane depi ak yon kòlè fewòs, pèp ayisyen mete fen nan pliske 30 lane diktati Duvalier yo. Jodi a se kriz sou kriz, zizizni, chire pit, movèz gouvènans, enjistis, yon pil bidonvil melanje ak sipopilasyon san bliye yon Leta bidon ki plonje nan kòripsyon total kapital. Se vre […]Lire plus...
Anbasad Kanada ak UNOPS te gen pou bay lapolis 59 machin tou tèren mak Toyota Land Cruiser, yo ba li 42 ayè jedi 6 fevriye 2025 lan. Nan menm moman an, Ofis Nasyon Zini kont Dwòg ak Krim fè PNH la kado 31 veyikil, pami yo 12 pikòp mak Toyota Land Cruiser ak plizyè motosiklèt. […]Lire plus...
Elikoptè sa yo se yon avyon kago entènasyonal ki pou yon antrepriz peyi Ikrèn ki rele Antonov ki pote yo nan mitan jounen jedi 6 fevriye 2025 lan. Anjen sa yo pral sèvi nan kad operasyon Fòs Miltinasyonal la e se sòlda peyi Salvadò k ap gen pou pilote yo selon responsab yo. Tout moun […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]