Pou pi piti 6 moun pèdi lavi yo ayè samdi a nan komin Kafou Fèy. Se nèg ak zam Gran Ravin ki touye moun sa yo e daprè sa nou aprann, se moun ki t ap retounen lakay yo. Bandi yo pran yo nan enpas Edi epi y al masakre yo nan Ri Monsenyè Giyou, […]Lire plus...
BLTS ak ajan dwanye Katye Moren yo sezi jedi kite 23 novanm nan yon kantite 5 kès katouch ki repati konsa: 3 bwat kalib 12 e yo chak gen 25 grenn epi 2 bwat kalib 9mm mak Winchester ak Lugger e yo chak gen 50 grenn. Nan kad operasyon sa a, Lapolis arete Pierre Louis […]Lire plus...
Le “Grand Premier ministre Haïtien”, Ariel Henry kite Ayiti jounen jedi 23 novanm 2023 a kote li mete tèt pou peyi Sirinam. Ariel Henry al patisipe nan 48e anivèsè endepandans peyi sa a. Ariel tèlman jwenn baryè lib devan l, kounye a li pran peyi a tankou chanm lakay li tèlman l deside fè sa […]Lire plus...
Lapolis arete Stéphanie Mondestin, pwòch ansyen premye minis Claude Joseph ki te Direktris Jeneral Adjwen nan ONA. Se nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti yo fouke alòske l t ap tante rann li an Repiblik Dominikèn men se an Ewop li ta pral kache daprè dokiman ki nan men l. Stéphanie Mondestin te gen envitasyon Pakè […]Lire plus...
Ansyen minis Jistis sou Jovenel Moïse la, Rock Feller Vincent chape poul li. Minis la mande pou jij Walther tande l pa vizyokonferans pito. Daprè avoka l ki se Emmanuel Jeanty, Rock Feller Vincent pa santi l konfòtab pou l vin nan peyi ki gen tout bandi sa yo ladan l paske lavi l ka […]Lire plus...
Aprè sòti rapò ULCC a, komisè gouvènman Pòtoprens lan, mèt Edler Guillaume kòmanse envite moun. 27 novanm, Jemley Jean-Baptiste, Alfredo Antoine ak lòt moun ki gen yon site nan rapò ONA Pakè ap tann yo. Joseph Lambert, Garcia Delva, Hervé Fourcand gen randevou pou 1e desanm. Se anviwon 12 envitasyon Pakè a lanse. Daprè enfòmasyon […]Lire plus...
Pou yon twazyèm fwa, premye minis ayisyen an, Ariel Henry, pa afiche konpòtman yon chèf d Eta pou l salye otorite nan lòt peyi yo. Aprè Joe Biden epi yon chèf azyatik, kounye a se youn nan prens Arabi Sawoudit yo Ariel Henry bese byen ba pou l salye. Nan sa ki gen pou wè […]Lire plus...
Vladimir Marcelin ki fè pati 27e pwomosyon PNH la tonbe anba bal aprè midi dimanch 19 novanm 2023 sa a. Se egzateman nan katye Solino polisye sa a pèdi lavi l. Selon enfòmasyon SYNAPOA bay, se ta nèg ak zam ki sòti sou Bèlè ki atake Solino ki ki dèyè zak sa a. Toujou daprè […]Lire plus...
Sanfil, Koridò Basya, Kafou Peyan, anba Dèlma, Nazon jiska Kafou Aviyasyon, tansyon yo anpil anba lavil la. Nou aprann gen polisye ki blese ak lòt viktim nan kan popilasyon an pou aprè midi dimanch 19 novanm sa a. Zòn ki plis sible a se Solino kote manm popilasyon an ap rele mande sekou. Malgre tan […]Lire plus...
Abigaëlle Hailey Germinal alyas “Fifi Bèl Bòs ki te pran nasyonalite amerikèn an 2019, jwenn arestayon l lendi 13 novanm pase a nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti. Lapolis prezantè Fifi Bèl Bòs kòm alye divès chèf gang tankou Krisla, Ti Lapli, Lanmò san jou pou n site sa yo ase. Delekant sa a, daprè PNH […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- [email protected]
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
[email protected]