Depi nan byen bonè maten ayè samdi kite 19 avril jouk rive nan fen jounen an, gen yon sitiyasyon ki pa piti ditou nan komin Kenskòf. Kout bal fè tout jounen an ap chante ant Lapolis, Lame ak gang yo. Gen plizyè moun nan mitan popilasyon sivil la ki swa blese osinon mouri anba bal. […]Lire plus...
Plizyè vagabon a sapat tonbe nan komin Mibalè jounen vandredi 18 avril 2025 sa a nan echanj kout bal ak Lapolis. Nan kad entèvansyon sa a, gen plizyè gwo zam fòs lòd yo rive sezi. Imaj yo montre plizyè jenn gason ki kouche ak mouchwa tout koulè mare nan ponyèt yo ak nan senti yo. […]Lire plus...
Depi nan mwa janvye 2025, Leta ayisyen te gen posiblite pou l te mete fren nan premye vag bandi ki te atake Kenskòf yo, sa pat janm fèt. Kounye a, tout moun nan komin nan tèt anba, kriminèl yo trase kata jouk yo rive Kafou Mawoka, pa twò lwen komisarya vil la. Mache a bloke, […]Lire plus...
Lafrans ak Wayòm Ini gen menm pozisyon ak Etazini epi Caricom ki te di yo kanpe bò kote konsèy prezidansyèl la pandan yo te voye pinga bay tout gwoup ki ta swete ranvèse yo. Nan deklarasyon Lafrans ak Wayòm Ini fè a, yo di yo salye jefò tranzisyon sa a ap fè pou konbat ensekirite […]Lire plus...
Nan kad bisantnè lajan endepandans Boyer te fè Lafrans kado a (1825-2025), Emmanuel Macron rekonèt se yon tò yo te fè peyi a paske yo te fè l depanse lajan pou pwòp libète l. Pou sa, li anonse yon komisyon k ap gen ayisyen ak fransè ladan l pou yo analize enpak dèt sa a […]Lire plus...
Sòti depi Petyonvil, desann sou Dèlma vire sou Lali antre sou Boudon jouk rive Jivena, Lapolis gen yon dispozitif anraje pou bloke tout manifestasyon ki vle atenn Vila d Akèy la. Plizyè inite tankou BRI, UDMO, BLTS, CIMO, sòlda FAd’H ak polisye administratif ame jouk nan dan pou bare manifestan yo k ap reklame sekirite […]Lire plus...
Gwo mobilizasyon ki te pare pou sòti nan nan lari a jounen mèkredi 16 avril 2025 sa a sou inisyativ moun Kanapevè, pat rive fèt. Selon kòmandan Samuel, manifestasyon an ranvwaye paske yo voye 300 moun nan mitan yo pou vin fè dezòd yon fason pou yo ka lage chay la sou do Kanapevè. Antanke […]Lire plus...
Pa rapò ak mouvman manifestasyon ki anonse nan peyi e an menm tan menas gang yo, chèf Polis la deside konvoke tout polisye sou lye travay yo jiskaske lòd la chanje. Daprè Métronome, gen yon reyinyon ki fèt nan fen jounen madi 15 avril la ant Fritz Jean, Didier Fils-Aimé ak Rameau Normil. Gen kèk […]Lire plus...
Pandan pòt pawòl PNH la te di yo gen kontwòl Mibalè, Chèf Lanmò San jou ak Jeff Gwo Lwa al fè yon lòt gwo demonstrasyon nan komin nan. Aprè yo fin piye tout sa moun te genyen nan komin nan, san okenn opozisyon, jounen madi 15 avril la, yo kraze komisarya komin nan ak tout […]Lire plus...
Sou inisyativ ekip k ap jere sekirite Kanapevè a, anpil kote nan zòn metwopolitèn nan kòmanse manche ponyèt pou deklanntche yon gwo jounen leve kanpe pou denonse pope twèl yo epi pou egzije yo sispann sitirè gang nan peyi a. Popilasyon an deja voye pinga bay lapolis k ap vini voye gaz ak bal sou […]Lire plus...
About Us
Hidden Hills property with mountain and city view boast nine bedrooms including a master suite with private terrace and an entertainment. wing which includes a 20-seat theater.
- 15 Cliff St, New York NY 10038, USA
- +1 212-602-9641
- info@example.com
Hidden Hills property with mountain and city views boasts nine bedrooms including a master.
Contact
15 Cliff St, New York NY 10038, USA
+1 212-602-9641
+1 212-228-4808
info@example.com