Redaktè an Chèf

5000 moun pèdi lavi yo nan Peyi an pou 2023

Daprè minis Zafè Etranjè defakto ayisyen an Jean Victor Généus, pou ane 2023 a selman gen pliske 5000 moun ki te mouri asasinen, 1 432 blese, 2 951 lòt kidnape, gen 37 polisye ki asasinen akoz vyolans gang yo nan peyi a. Towo a fè deklarasyon chokant sa a nan reyinyon ki te genyen jounen […]Lire plus...

Etazini di li pa gen lajan ankò pou kontinye ede

Depatman defans peyi Etazini, “Pentagòn“, te nan tèt yon kowalisyon ki gen ladann plis pase 50 peyi alye e yo te voye plizyè milya dola asistans bay Ikrèn, se sa minis Defans ameriken an deklare. Madi pase a, Etazini ale sou tab negosyasyon yo ak 2 men l blanch, ”san yon santim”, kidonk li pap […]Lire plus...

Wyclef Jean mande Ariel lage pyel bay pouvwa

« Demisyone rapid rapid nan pòs ou a ki pa gen anyen pou wè ak konstitisyon an pou w pa vin yon kriminèl de gè. Ale an pè pou w kapab enpanye peyi a de yon beny san », se deklarasyon megasta ayisyano-ameriken an Wyclef Jean fè ayè mèkredi 24 janvye a sou kont X li. Wyclef […]Lire plus...

Mè ki te nan men bandi yo libere

Nan sware mèkredi 24 janvye a, zèfèyis yo libere 6 relijyez yo te kidnape yo. Se pwòch mè sa yo ki pataje enfòmasyon an ak laprès. Pa gen revelasyon ki fèt sou konbyen lajan yo bay. N ap raple te gen anpil mobilizasyon ak apèl ki te lanse nan tout mond lan pou egzile liberasyon […]Lire plus...

Yon kadejakè ameriken anba kòd

Michael Karl Geilenfeld anba kòd nan vil Denver nan peyi Etazini depi samdi 20 janvye pase a. Misye akize kòm moun ki konn ap fè bagay ak ti gason nan yon òfelina li genyen nan peyi d Ayiti. Michael gen 71 lane sou tèt li, li riske pase 30 lane dèyè bawo pou krim sa […]Lire plus...

Gwo eskonbrit ant BSAP ak Lapolis

Avèk gwo zam nan men yo, nan vil Ench ak Wanament, ajan BSAP yo te foule beton an jounen mèkredi 24 janvye 2024 la. Nan Ench se rele yo t ap rele pou mande Ariel ak akolit li yo kite peyi a men nan Wanament, se gwo kout zam ki t ap chante ant UDMO […]Lire plus...

Contact Us