Nan zòn Site Solèy, Kanaran, nan Plèn nan, Pòtoprens, sou Dèlma a, yo jwenn kadav plizyè moun atè, tou louvri. Gen moun ki konn panse se chen ki manje yo poutan se pa sa. Maten mèkredi 21 fevriye a, yo leve jwenn kèk kadav atè nan lari Petyonvil kote yo pran kè yo ak lòt […]Lire plus...
Mackenzy Innocent, se non nouvo responsab pou yon ti bout tan, awondisman Kwadèboukè a, daprè enfòmasyon DGPNH la bay. Nouvo komisè a te nome lendi 19 fevriye pase a e li ranplase nan pòs sa a komisè prensipal Max Vital Altis ki li menm transfere nan Direksyon Depatmantal Lwès-1, toujou selon otorite yo nan kò […]Lire plus...
Daprè Lionel Valbrun ki te Sekretè Jeneral Palè a sou Jovenel, Martine MoĂŻse te debake nan Palè a 5 jiyè 2021 e li te bote anpil bagay. Li ajoute depi lè a li te sispèk gen yon bagay ki pral pase. Daprè M. Valbrun, sa te pran 5 èdtan sòti 10è nan aswè jiska 3è […]Lire plus...
Archibal Fils, responsab MOSOLA yon estrikti ki fè pati tab mobilizasyon an nan vil Okay anba kòd. Archibal Fils se yon gwo alye Guy Philippe nan Gran Sid peyi a. Se komisè Ronald Richmond ki arete l pandan jounen madi 20 fevriye 2024 la. Sa fè yon dezyèm militan Komisè zĂ©lĂ© sa arete pou pouvwa […]Lire plus...
Rezilta eleksyon minisipal yo pibliye pou tout peyi a an Repiblik Dominikèn. Klasman an pati konsa: Pati Revolisyonè Modèn ki pou Luis Abinader la ranpòte 76.7% vwa yo, PLD 10.1%, FP 3.8%, PRSC 4.4%, JS 2.5% , PLR, PP, PCR ak PRD tout pati politik sa yo fini ak 0.6%, selon jounal dominiken Listindiario. Sa […]Lire plus...
Selon òdonans jij Voltaire a, Michel Martelly te di l se yon zanmi l ki abite Pèleren 5 ki t ap eseye eksplike l sa k ap pase kay Jovenel MoĂŻse la. Ansyen prezidan an pataje ak jij la Laurent Lamothe te pale ak LĂ©on Charles, ansyen chèf polis la ki te di l ” […]Lire plus...
Nan Gran Katye Segen, komin Marigo, yo jwenn 16 moun mouri sou 17 ki t al patisipe nan fineray yon manm fanmi yo. Yo dekouvri kadav sa yo maten lendi 19 fevriye a. Sa ki pa mouri a byen mal Lopital daprè sa nou aprann. Se 10 gason ak 6 fanm ki mouri. Poko gen […]Lire plus...
Anviwon 9 pasaje ki te nan yon ti bis pèdi lavi yo anba Mòn Kabrit ayè dimanch 18 fevriye a. Se Asosiyasyon Pwofesyonèl Chofè Ayisyen yo ki konfime enfòmasyon sa a. Chofè a ki rele Ti Blan ki t ap kondwi ti bis sa a ki asire transpò Pòtoprens/Mibalè pèdi lavi l tou nan atak […]Lire plus...
Nan peyi d Ayiti, gen antrepriz ki peye gang yo jiska 20 mil dola vèt chak semèn pou yo ka fasilite machandiz yo pase. Daprè _”Inisyativ kont Krim Ă’ganize Transnayonal”_ ki chita kò l nan peyi Laswis, malfra yo gen pousantaj sou chak konntenè ki debake nan bato yo. Nan rapò sa a ki sòti […]Lire plus...
8 milyon dola, se pri sa a yon avyon de gè ameriken fè gouvènman dominiken an kado koute. Avyon sa a pral ede fòs lòd dominiken yo batay kont trafik zam ak dwòg. Sonje se menm Etazini sa a ki te idantifye Repiblik Dominikèn kòm peyi kote plis zam ak minisyon pase pou antre Ayiti, […]Lire plus...