Nan yon videyo k ap sikile sou rezo yo, tout moun konstate kouman zago loray nan peyi sa a ap maltrete yon fanm ki rele Sandrine Lalane Laguerre. Sanzave yo maltrete dam nan, yo joure l mete sou li. Yo te kidnape l Pòtay LeyogĂ n, li se moun Fontamara. Yo mare malerèz la 2 bra […]Lire plus...
Pòt pawòl gouvènman defakto Ariel Henry a ki se bout AndrĂ© Michel salye sipò peyi Benen deside bay pou fòs miltinasyonal la. Daprè AndrĂ© Michel, Ayiti p ap janm ka sòti nan sal ye la a san fòs miltinasyonal la.Bout AndrĂ© pwofite salye bòs li Ariel Henry, li di k ap deplwaye tout enèji l […]Lire plus...
Se vre nan nòt Lapolis la pibliye sou paj Facebook, yo enfòme se divès inite nan kò polis la ki te mennen operasyon Fon Cheval la. Nou an mezi pou konfime te gen ajan BSAP ki te pote ranfò pou operasyon sa a te ka reyisi tou. Moun Mibalè te fè yon sèl ak ajan […]Lire plus...
“Homeland Security Investigations” (HSI) ap chache bon jan enfòmasyon sou Michael Karl Geilenfeld ki deja ap koukouman dèyè kat miray nan peyi Etazini. Misye te konn madouyèt ti gason nan peyi d Ayiti sòti lane 2006 pou rive 2010. HSI mande si gen moun ki gen detay sou towo sa a, kontakte yo nan 2229-8556 […]Lire plus...
Gaston Browne, premye minis peyi Antigwa ak Badouda deklare nan mikwo Laprès Ariel Henry dwe demisyone e pèmèt gen yon tranzisyon politik pou pèmèt kriz ki gen Ayiti a rezoud. Pandan 46e reyinyon òdinè chèf Leta CARICOM yo, Gaston Browne jije prezans Ariel Henry nan tèt peyi a fè pati pwoblèm nan e li remake […]Lire plus...
Janès Joseph alyas “Avyon” ki se chèf gang Fon Cheval nan komin Mibalè ak tout yon frè l tonbe anba bal Lapolis pandan jounen lendi 26 fevriye a. Nan menm moman an, fòs lòd yo arete Roudeline RĂ©my ki se madanm avyon ak Widenise RĂ©my. Polisye yo sezi zam ak yon machin pandan operasyon sa […]Lire plus...
Peyi Kanada anonse l ap dekese 80.5 milyon dola pou sipòte fòs miltinasyonal ki dwe debake Ayiti a. Se minis Zafè Etranjè peyi sa a, MĂ©lany Joly ki fè anons sa a ayè jedi 22 fevriye a nan peyi Brezil. Se nan kad somè G20 an k ap fèt nan vil Rio de Janeiro anons […]Lire plus...
Nan echanj kout zam ki te genyen ant bandi ak Lapolis nan zòn Pòtay LeyogĂ n maten lendi 26 fevriye 2024 la, polisye yo fè yon gwo kou. 4 prezime asasen yo idantifye kòm manm gang Vilaj de Dye a tonbe anba bal. Yo te nan yon Toyota RAV4. Aprè yo fin mouri, popilasyon an kole […]Lire plus...
Kenkenn Michaid tonbe anba bal komisè Jean Ernest Muscadin nan lannwit dimanch 25 pou bout lendi 26 fevriye a. Prezime bandi sa a t al kwaze ak komisè gouvènman an vè 11è 45 nan aswè nan yon lokalite ki rele “Kafou Kalbasye”, daprè sa nou aprann. Pakè MiragwĂ n prezante l kòm manm gang Maryani an. […]Lire plus...
150 sòlda peyi Bahamas ap voye nan kad fòs miltinasyonal la pral fè yon mwa antrènman nan peyi Jamayik. Daprè kòmandan Fòs Defans Bahamas la ki se Commodore Raymond King, yo pral antrene ansanm ak sòlda jamayiken yo. Toujou selon sa li ajoute, 150 sòlda baameyen sa yo ap divize an 3 peloton. Se pa […]Lire plus...