Plis pase 20 anketè ULCC ak tout polisye avèk yo debake nan lokal FNE a ayè madi 4 jwen 2024 la. Yo pran dokiman kontab yo, done nimerik, yo fouye plizyè biwo yon fason pou yo kapab al apwofondi ankèt yo. Anketè yo pral fouye pou konnen ki rapò ki genyen ant responsab enstitisyon an […]Lire plus...
Eskandal la kontinye pi rèd nan fason dominiken yo ap trete ayisyen. Daprè kèk pasaje ki pale nan mikwo jounalis Luckson St Vil, yo eksplike yo te vle ale Sendomeng nan wikenn sa a. Yo sèlman wè ajan imigrasyon ki nan Ayewopò a di yo, yo p ap ka vwayaje pou ale Sendomeng. Otorite nan […]Lire plus...
Enstiti ki la pou voye je sou patrimwĂ n nasyonal yo (ISPAN) fè konnen li resevwa yon rapò premye jwen 2024 ki fè konnen gen 2 ti kanon (couleuvrines) ki fèt an ajan ki disparèt nan Sitadèl Laferyè nan komin milo, yo pa konn kote yo fè. Daprè ISPAN, gen yon ankèt ki deja louvri kote […]Lire plus...
Claudia Sheinbaum ranpòte eleksyon prezidansyèl yo nan peyi Meksik avèk yon laj viktwa sou advèsè li Xotchilt Galvez, yon ansyèn senatè. Claudia se yon kandidat goch e Xotchilt, yon lòt fanm tou ki te rive nan somè a avèk li se yon sant-dwat. Eleksyon sa yo te fèt ayè dimanch 2 jwen an nan peyi […]Lire plus...
Seremoni pou enstale premye minis Garry Conille nan pòs li nan Primati Repiblik la fèt lendi 3 jwen an nan laprè midi. Depi byen bonè maten an, Sekretarya Primati a te voye lèt envitasyon pou laprès. Garry Conille enstale alòske manm gouvènman li yo poko prezante bay gran piblik la. Garry Conille gen anpil travay […]Lire plus...
Ri Kazèn, ri Sen Onore, Lise Jèn fi ki gen yon kan deplase ak plizyè lòt kwen anba lavil la, Garry Conille vizite yo jounen dimanch 2 jwen an. Li pran avèk li Direktè Jeneral Lapolis la Frantz ElbĂ© akonpanye ak yon ekip ajan espeyalize pou fè vizit sa a. Yo te anndan yon cha […]Lire plus...
13 sispèk anba kòd pandan plis pase 140 zam sezi, se bilan yon arestayon ki fèt nan peyi Etazini ayè vandredi a. Moun sa yo ap jere zafè zam pou voye nan peyi Venezyela, Kolonbi ak Ayiti. Trafikan sa yo ta gen gwo rezo k ap founi zam ilegal nan divès rejyon anndan peyi a, […]Lire plus...
2 gòl a zewo: youn pou Carvajal, youn pou Vinicius, se sou eskò sa a Real Madrid bat Borussia Dortmund nan final Lig Chanpyon yo sezon sa a. Viktwa sa a pèmèt Real Madrid ranpòte 15e Lig Chanpyon li. Jude Bellingham pwofite ranpòte premye Lig Chanpyon l fas ak ansyen ekip li e an menm […]Lire plus...
Tankou jan sa te anonse, premye minis Garry Conille debake nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti jounen samdi 1 jwen 2024 la. Se gwo dispozitif sekirite ki te tabli ak yon kòtèj flanbannèf ki te la pou akeyi nouvo premye minis la ki pral jere tranzisyon an bò kote Konsèy Prezidansyèl la. Garry Conille deja pwomèt […]Lire plus...
Se gouvènman ameriken an menm ki te rele Vitelòm nan telefòn, daprè CNN pou mande l ede yo jwenn kadav Nathalie ak Davy Lloyd nan Plèn nan. Daprè sa Vitelòm deklare bay medya ameriken, li di li te fè tout sa l kapab pou pale ak nèg ki kontwole Lizon yo pou yo te ka […]Lire plus...