Li te 9è 20 konsa nan maten lè premye kontenjan 400 polisye Kenyan ki abiye an vèt oliv debake nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti a madi 25 jwen 2024 la. Se yon avyon Kenya Airways ki pote yo vini. Se anviwon 2500 ofisye etranje k ap gen pou rive nan peyi a pou vin konbat […]Lire plus...
Premye jès prezidan William Ruto te fè se remèt polisye sa yo drapo peyi yo a. Kèk èdtan aprè seremoni an, premye gwoup 400 polisye sa yo pran avyon pou antre Ayiti. Se Enspektè Prensipal polis kenyan an, Godfrey Otunge k ap pran tèt Misyon Miltinasyonal sa a nan peyi d Ayiti daprè otorite kenyan […]Lire plus...
JosuĂ© Dahomey ki reprezante Ayiti an Frans, Wedelyne Pierre ki Chili, Euvrard Saint Amand Wayòm Ini, Jesse Jean ki Bèljik, Justin Viard Jenèv, JosuĂ© Jean ki Mawòk, Roody Stanley Penn anbasadè Ayiti nan peyi Taywann, Vibert BĂ©lizaire an Ajantin, Lesly BenoĂ®t nan peyi Vietnam, Luc Harvey Jean Pierre ki Sen Domeng ak lòt ankò. Premye […]Lire plus...
Gwo eskonbrit pete nan Lise Fimen nan Pòtoprens pandan jounen lendi 24 jwen 2024 la. Elèv Lise yo al tonbe sou 2 elèv parèy yo k ap fè masisi ak inifòm lekòl la sou yo. Elèv yo te vle pran masisi sa yo pou touye yo, yo te menm ap egzije Direktè lekòl la pou […]Lire plus...
Minis Zafè Etranjè peyi d Ayiti a, Dominique Dupuy ekri sou kont X li, se pliske 50% fanm ki pral asire misyon pou yon ti bout tan nan diplomasi ayisyèn nan. Li di fanm sa yo pral chèf pòs nan divès misyon. Minis la di aprè li fin evalye pwofil ak pèfòmans anpil moun k […]Lire plus...
Chèf gang Jimmy ChĂ©risier, alyas Babekyou ki se pòt vwa kowalisyon Viv Ansanm mande pou gouvènman Garry Conille an chita avèk yo. Babekyou di yo pare pou yo antre nan koki yo, kite peyi a fonksyone men pou sa fèt fòk yo chita dyaloge avèk yo. Depi aprè lanmò 3 polisye UTAG yo, Babekyou prèske […]Lire plus...
Daprè yon gwo chèf nan Ministè Defans peyi Kenya ki pale nan mikwo AFP, twoup Kenyan yo ap kite peyi Kenya madi 25 jwen 2024 la. Enfòmasyon yo fè kwè premye gwoup sa a ap debake Pòtoprens menm jou a. Sèlman, otorite nan peyi d Ayiti poko fè okenn deklarasyon sou dosye a. Daprè yo […]Lire plus...
Chèf gang Krisla avèk yon frè ti lapli ki rele “Dwòl” nan gwo bif nan moman an anndan Ti Bwa, nan tèt Fontamara. Nan lannwit vandredi 21 jwen an, Krisla te voye sòlda li arete Dwòl, aprè anpil traktasyon, li libere frè a. Dwòl menm pa rete la, li touye “Janjan Ti Pastè”, yon alye […]Lire plus...
Marie Elisabeth Régine Joseph Haddad, ansyèn administratris Pale Nasyonal ranplase Josué Pierre-Louis kòm Sekretè Jeneral Palè a. Se Konsèy Prezidansyèl la ki pran desizyon sila a ayè jedi a. Josué Pierre-Louis pou rapèl, te konn resevwa anpil kritik akoz dosye kòripsyon ak lòt zak malonèt ankò nan sekretarya Pakè a.Lire plus...
An prezans Edgard Leblanc Fils ak Frantz ElbĂ© ki te parèt toumante anpil, Normil Rameau enstale ofisyèlman kòm 15èm Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti. Nan diskou sikonstans lan, nouvo DG pou yon ti bout tan an di li konnen travay la p ap fasil men li pwomèt ak sipò rès manm ki nan kò […]Lire plus...