Redaktè Jounal

Trump ak akolit li yo ap sakaje ayisyen yo anpil

Donald Trump ak senatè Vance ki se kandida pou vis-prezidan gentan ap voye monte nan dosye ayisyen yo akize nan vòlè kana yo kont Demokrat yo nan kanpay elektoral yo. Sou kont X li, Elon Musk, patwon X la ak tout senatè Vance mande tout abitan Springfield nan Eta Ohio pou yo pwoteje kana ak […]Lire plus...

Ansyen senatè Jacques Sauveur Jean manke mouri

Jacques Sauveur Jean tout moun konnen sou non “Jackito” sot tonbe sou yon do kay nan depatman Nòdès peyi a, daprè prezisyon Rose Garcia Cadet, Ti sè Madan Jackito pote. Madam sa a ki pat an mezi bay plis eksplikasyon sou sa ki pase a fè konnen ansyen senatè a sou kabann lopital e li […]Lire plus...

Dezyèm chèf gang Rivyè Fwad la anba kòd

Lapolis nan Beladè fouke Guillod Ora, 38 lane ki se dezyèm chèf gang Rivyè Fwad la ke Marc Arthur ap dirije nan komin Kafou. Se ajan POLIFRONT ki mare towo sa a ayè jedi 5 septanm nan vè 5è 30 nan laprè midi sou fwontyè Beladè a. Li nan gadavi annatandan yo transfere l Pòtoprens […]Lire plus...

Aviol Fleurant te debalize Ministè Planifikasyon

ULCC dekouvri ansyen minis planifikasyon Aviol Fleurant te anrichi tèt li ak 75 milyon 207 mil 339 goud, yon lajan li paka eksplike anketè yo kòman l fè genyen alòske li te deklare sèlman 400 mil goud li te konn rantre chak mwa nan Ministè a. ULCC akize l de anrichisman ilisit e mande pou […]Lire plus...

Contact Us