Redaktè Jounal

Kat la mare katòz nan men Legliz Episkopal Dayiti

Daprè enfòmasyon ki sòti nan yon sous anndan DCPJ, kontab Legliz Episkopal Dayiti a ki anba kòd nan moman an ta siyen pou gwo sòm lajan debloke sou kont Legliz la pou voye pou yon trafikan zam nan entènasyonal la Lapolis ap chache ak epeny ti tèt. Jean Mary Jean Gilles, kontab Legliz Episkopal Dayiti […]Lire plus...

Lapolis fouke yon akolit Lanmò 100 jou

Youn nan bra dwat chèf gang 400 mawozo a, Youston Louis-Juste jwenn arestasyon l ayè lendi 22 dawout 2022 a nan komin Mibalè. Sa fè 2 fwa PNH la met men sou li. Nan premye arestasyon an, li te resevwa yon bal e t al pran swen nan Lopital Mibalè kote l ta pral chape […]Lire plus...

Yon Kontab Legliz Episkopal anba kòd

Jean Mary Jean Gilles, kontab Legliz Episkopal Dayiti a jwenn arestasyon l ayè madi 23 Dawout 2022 a nan moman DCPJ t ap tande plizyè anplwaye Legliz la nan kad dosye zam ak minisyon yo te sezi nan dwàn Pòtoprens lan nan mwa jiyè pase a. N ap raple tou, ansyen prezidan komite pèmanan Legliz […]Lire plus...

Vil Santiago, pat janm gen tranblemantè vre

Nan vil Santiago de los caballeros, nan peyi Sendomeng, yon mi ki tonbe kreye gwo panik lakay anpil moun, e sou tout rezo yo yo t ap pale de tranblemantè. Yon enfòmasyon ki pa gen anyen pou wè ak laverite. Selon nouvèl yo, gwo lapli ki tonbe sou vil sa a madi 16 Dawout 2022 […]Lire plus...

Nèg ak zam boule 3 moun nan yon menm fanmi

Maten samdi 20 Dawout 2022 a, nèg ak zam moun pa rive idantifye touye epi mete dife sou yon machin prive ki te gen anviwon 3 fanm anndan l. Yon manman ak 2 pitit fi l. Sardjie ak Sherwood Sondjie Desanclos se non 2 medam sa yo bandi boule ak tout manman yo. Selon enfòmasyon […]Lire plus...

Contact Us